8
Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Jos 6:2Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a. Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va Det 20:14pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan. Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou Jij 20:29ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
“Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, Jij 20:32nou va sove ale devan yo. Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo. Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou. Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li Det 20:16-18selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
10 Alò, Josué te Jen 22:3leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. 11 Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. 12 Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Jen 12:8Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. 13 Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
14 Li te vin rive ke lè wa Aï la te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la. 15 Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale Jos 15:61pa chemen dezè a. 16 Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e Jij 20:31 li te rale yo soti kite vil la. 17 Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
18 Epi SENYÈ a te di a Josué: Egz 14:15“Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.”
Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la. 19 Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
20 Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
21 Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo. 22 Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo Jos 8:8jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo. 23 Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
24 Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe. 25  Det 20:16-18Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï. 26 Paske Josué Egz 17:11-12pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo. 27  Jos 8:2Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
28 Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon Det 21:22-23pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a. 29  Det 21:22-23Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
30 Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Det 27:2-8Mòn Ébal. 31 Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, Egz 20:25yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo. 32 Josué te ekri la sou wòch yo Det 27:2-8yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
33 Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Det 11:29Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. 34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan Jos 1:8liv lalwa a. 35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, Egz 12:36avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.

8:1 Jos 6:2

8:2 Det 20:14

8:4 Jij 20:29

8:5 Jij 20:32

8:8 Det 20:16-18

8:10 Jen 22:3

8:12 Jen 12:8

8:15 Jos 15:61

8:16 Jij 20:31

8:18 Egz 14:15

8:22 Jos 8:8

8:25 Det 20:16-18

8:26 Egz 17:11-12

8:27 Jos 8:2

8:28 Det 21:22-23

8:29 Det 21:22-23

8:30 Det 27:2-8

8:31 Egz 20:25

8:32 Det 27:2-8

8:33 Det 11:29

8:34 Jos 1:8

8:35 Egz 12:36