27
Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo. Jos 8:30-32Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho. Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, Det 26:9yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an.
“Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe Det 11:29sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho. Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. Egz 20:25Nou p ap voye yon zouti fè sou yo. Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va Det 26:11rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.”
Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an. 10 Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.”
11 Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di: 12 “Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou Det 11:29Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin. 13 Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.”
14 “Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa:
15 ‘Modi se mesye ki fè Egz 20:4-23yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’.
16  Egz 20:12‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
17  Det 19:14‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
18  Lev 19:14‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
19  Egz 22:21‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
20  Egz 22:21‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
21  Egz 22:19‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
22  Lev 18:9‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
23  Lev 18:9‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’
24  Egz 21:12‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
25  Egz 23:7‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
26  Sòm 119:21‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’ ”

27:2 Jos 8:30-32

27:3 Det 26:9

27:4 Det 11:29

27:5 Egz 20:25

27:7 Det 26:11

27:12 Det 11:29

27:15 Egz 20:4-23

27:16 Egz 20:12

27:17 Det 19:14

27:18 Lev 19:14

27:19 Egz 22:21

27:20 Egz 22:21

27:21 Egz 22:19

27:22 Lev 18:9

27:23 Lev 18:9

27:24 Egz 21:12

27:25 Egz 23:7

27:26 Sòm 119:21