11
“Pou sa, nou va Det 6:5renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou Lev 18:30kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo. Byen konnen nan jou sa a, Det 4:34ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, epi Egz 7:8-21sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, Egz 14:28lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; epi sa Li te fè a Nonb 16:1-35Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak Nonb 26:10-11tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.
“Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, Det 31:6-23pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an; Det 4:40jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, Egz 3:8yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. 10 Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. 11 Men Det 8:7peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, 12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. I Wa 9:3Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a.
13 “Li va vin rive ke si nou Lev 26:3koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Lev 26:4Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15  Sòm 104:14Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e Det 6:11nou va manje e va satisfè.
16  Job 31:27“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. 17 Sinon, Det 6:15lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen I Wa 8:35syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an. 18  Egz 13:9-16Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19  Det 4:9-10Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20  Det 6:9Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21 jis pou Pwov 3:2jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
22 “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, Det 11:1pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e Det 10:20kenbe fèm a Li, 23 alò, SENYÈ a va Det 4:38chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va Det 9:1deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. 24 Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; Jen 15:18lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Lefrat la, pou jis rive nan lanmè lwès la. 25  Egz 23:27P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an.
26  Det 30:1-19“Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; 27  Det 28:1-14Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; 28 epi Det 28:15-68malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.
29 “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la. 30 Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas Jos 4:19Guilgal, akote Jen 12:6chenn Moré yo.
31 Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e Det 17:14nou va posede li pou viv ladann. 32 Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a.

11:1 Det 6:5

11:1 Lev 18:30

11:2 Det 4:34

11:3 Egz 7:8-21

11:4 Egz 14:28

11:6 Nonb 16:1-35

11:6 Nonb 26:10-11

11:8 Det 31:6-23

11:9 Det 4:40

11:9 Egz 3:8

11:11 Det 8:7

11:12 I Wa 9:3

11:13 Lev 26:3

11:14 Lev 26:4

11:15 Sòm 104:14

11:15 Det 6:11

11:16 Job 31:27

11:17 Det 6:15

11:17 I Wa 8:35

11:18 Egz 13:9-16

11:19 Det 4:9-10

11:20 Det 6:9

11:21 Pwov 3:2

11:22 Det 11:1

11:22 Det 10:20

11:23 Det 4:38

11:23 Det 9:1

11:24 Jen 15:18

11:25 Egz 23:27

11:26 Det 30:1-19

11:27 Det 28:1-14

11:28 Det 28:15-68

11:30 Jos 4:19

11:30 Jen 12:6

11:31 Det 17:14