8
“Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou Det 4:1kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo.
Det 8:16“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo.
“Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke Mat 4:4lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. Det 4:36Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo. Det 4:36Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.
“Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li. Paske Det 11:9-12SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladann l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
10 “Lè Det 6:11nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an. 11 Veye pou nou pa Det 4:9bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, Pwov 30:9lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va Det 8:11bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk Nonb 21:6sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te Egz 17:6fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou Det 8:2pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17 Otreman, Det 9:4nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske Pwov 10:22se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a. 19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, Det 4:26Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri. 20 Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa Éz 5:5-17nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.”

8:1 Det 4:1

8:2 Det 8:16

8:3 Mat 4:4

8:4 Det 4:36

8:5 Det 4:36

8:7 Det 11:9-12

8:10 Det 6:11

8:11 Det 4:9

8:12 Pwov 30:9

8:14 Det 8:11

8:15 Nonb 21:6

8:15 Egz 17:6

8:16 Det 8:2

8:17 Det 9:4

8:18 Pwov 10:22

8:19 Det 4:26

8:20 Éz 5:5-17