30
Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la:
nonm nan pale Ithiel,
a Ithiel ak Ucal:
“Anverite, mwen Sòm 49:10pi bèt pase tout moun
e mwen pa gen konprann a yon nonm.
Mwen pa t aprann sajès,
ni mwen pa gen Pwov 9:10konesans a Sila Ki Sen an.
Kilès ki te Rev 19:12monte nan syèl la e te desann?
Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li?
Kilès ki te vlope dlo nan vètman li?
Kilès ki te etabli tout pwent tè yo?
Ki non li e ki non fis Li a?
Asireman, ou konnen!
 
“Tout Sòm 12:6pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
Det 4:2Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
 
“De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak Job 23:12manje ki se pòsyon pa m nan,
pou m pa Det 8:12vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
 
10 “Pa pale mal yon esklav a mèt li,
sinon li va Ekl 7:21modi ou, e ou va twouve koupab.
11 Gen yon kalite moun ki Egz 21:17modi papa li
e refize beni manman l.
12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
13 Gen yon kalite—O, jan Pwov 6:17zye li leve wo,
e pòpyè zye li leve ak awogans.
14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe
ak machwè tankou kouto,
ki prèt pou Sòm 14:4devore aflije sou fas tè yo,
e fè moun malere yo disparèt pami moun.
 
15 “Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’.
 
“Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
16 Sejou Lanmò a, Jen 30:1vant fanm esteril la,
latè a ki pa janm jwenn dlo ase,
ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’.
 
17 “Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman,
Det 28:26kòbo nan vale a va vin rache l,
e jenn èg yo va manje li.
 
18 “Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,
kat ke m pa konprann:
19  Det 28:49Vòl a yon èg nan syèl la,
pa sèpan an sou wòch,
chemen gwo bato a nan mitan lanmè,
ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
 
20 “Men konsa chemen a Pwov 5:6fanm adiltè a:
Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
 
21 “Anba twa bagay, latè tranble,
e anba kat, li pa ka kenbe:
22 Anba yon Pwov 19:10esklav lè li vin wa,
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
23 anba yon fanm neglije lè l jwenn mari,
ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
 
24 “Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
25  Pwov 6:5Foumi se pa yon pèp ki fò;
men yo prepare manje yo nan gran sezon.
26  Lev 11:5Chat mawon se pa yon pèp pwisan;
men yo fè kay yo nan wòch.
27 Krikèt volan yo pa gen wa;
men yo parèt Job 2:7byen alinye.
28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;
sepandan, li antre nan palè a wa a.
 
29 “Gen twa bagay ki mache parèt bèl,
menm kat ki bèl lè yo mache:
30 Lyon ki Jij 14:18pwisan pami bèt yo,
e ki pa fè bak devan okenn bèt;
31 Jan kòk mache a,
menm ak mal kabrit,
o yon wa lè lame parèt avè l.
 
32 “Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo,
oswa si ou te fè konplo pou mal,
Job 21:5mete men ou sou bouch ou.
33 Paske lèt k ap laboure vin fè bè,
ak peze nen pote san;
se konsa Pwov 10:12 laboure kòlè pwodwi konfli.”

30:2 Sòm 49:10

30:3 Pwov 9:10

30:4 Rev 19:12

30:5 Sòm 12:6

30:6 Det 4:2

30:8 Job 23:12

30:9 Det 8:12

30:10 Ekl 7:21

30:11 Egz 21:17

30:13 Pwov 6:17

30:14 Sòm 14:4

30:16 Jen 30:1

30:17 Det 28:26

30:19 Det 28:49

30:20 Pwov 5:6

30:22 Pwov 19:10

30:25 Pwov 6:5

30:26 Lev 11:5

30:27 Job 2:7

30:30 Jij 14:18

30:32 Job 21:5

30:33 Pwov 10:12