5
Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen,
Pwov 22:17apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;
pou ou kab kenbe sajès
e pou Mal 2:7 lèv ou ka konsève konesans.
Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,
e pale li Sòm 55:21 pi dous pase lwil;
men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,
epi file kon yon nepe ki koupe de bò.
Pye li yo Pwov 7:27desann vè lanmò
e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.
Li pa reflechi sou pa lavi a;
vwa li yo pa stab; Pwov 30:20 li pa rekonèt bagay sa a.
 
Alò, fis mwen yo, koute mwen,
e Sòm 119:102pa bliye pawòl a bouch mwen yo.
Kenbe wout ou byen lwen li, e
pa pwoche toupre Pwov 9:14 pòt lakay li.
Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo
ak ane ou yo a mechan an.
10 Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,
e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,
va rive lakay a yon etranje.
11 Epi ou va plenyen nan gòj
lè dènye moman lavi ou rive,
lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.
12 Ou va di: “Ki jan mwen te Pwov 1:7-29rayi enstriksyon!
Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!
13 Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,
ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè Pwov 1:8mèt mwen yo.
 
14 Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”
15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.
16 Èske Pwov 5:18sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,
kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.
18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,
e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,
kite tete li yo satisfè ou tout tan.
Rete debòde nèt ak lanmou li.
20 Paske poukisa fis mwen an,
ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,
e anbrase lestonmak a yon Pwov 2:16etranje?
21 Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,
e Li Pwov 4:26veye tout pa li yo.
22  Nonb 32:23Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.
Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.
23 Li va Job 4:21mouri akoz mank enstriksyon,
e nan grandè foli li, li va vin egare.

5:1 Pwov 22:17

5:2 Mal 2:7

5:3 Sòm 55:21

5:5 Pwov 7:27

5:6 Pwov 30:20

5:7 Sòm 119:102

5:8 Pwov 9:14

5:12 Pwov 1:7-29

5:13 Pwov 1:8

5:16 Pwov 5:18

5:20 Pwov 2:16

5:21 Pwov 4:26

5:22 Nonb 32:23

5:23 Job 4:21