22
Yon Pwov 10:7bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki Job 31:15 fè yo tout.
Sila ki Pwov 14:16reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi.
Pwov 15:19Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.
Ef 6:4Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Pwov 18:23Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
Sila ki Job 4:8simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
Sila ki Pwov 19:17bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere.
10  Jen 21:9-10Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
11 Sila ki renmen Sòm 24:4kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
12 Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo.
13  Pwov 26:13Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
14 Bouch a Pwov 21:16fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
15 Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.
 
17  Pwov 5:1Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va Pwov 2:10byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou Pwov 3:5konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant Pwov 8:6bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou Luc 1:3-4konnen vrè pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
 
22 Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni Za 7:10 kraze aflije nan pòtay la;
23 paske, SENYÈ a va I Sam 25:39plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
 
24 Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon Pwov 29:22moun kolerik,
25 sinon, ou va I Kor 15:33aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
26 Pa konte pami sila ki Pwov 17:18sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l Egz 22:26rale kabann nan sòti anba ou?
 
28  Det 19:14Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va Jen 41:46kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
 

22:1 Pwov 10:7

22:2 Job 31:15

22:3 Pwov 14:16

22:5 Pwov 15:19

22:6 Ef 6:4

22:7 Pwov 18:23

22:8 Job 4:8

22:9 Pwov 19:17

22:10 Jen 21:9-10

22:11 Sòm 24:4

22:13 Pwov 26:13

22:14 Pwov 21:16

22:17 Pwov 5:1

22:18 Pwov 2:10

22:19 Pwov 3:5

22:20 Pwov 8:6

22:21 Luc 1:3-4

22:22 Za 7:10

22:23 I Sam 25:39

22:24 Pwov 29:22

22:25 I Kor 15:33

22:26 Pwov 17:18

22:27 Egz 22:26

22:28 Det 19:14

22:29 Jen 41:46