23
Lè ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,
konsidere byen sa ki devan ou.
Konsa, mete yon kouto sou gòj ou
si ou se yon Pwov 23:20nonm ak gwo lanvi.
Pa dezire bon manje sa yo,
paske se yon repa desepsyon.
Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
Pwov 3:5-7 sispann reflechi sou sa.
Depi ou mete zye ou sou li, l ale.
Paske, anverite, Pwov 27:24li gen zèl kon yon èg
k ap vole vè syèl yo.
Pa manje pen a yon Det 15:9mesye ki chich,
ni anvi bèl bagay li;
paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.
Li di ou: “Manje e bwè!” Men Pwov 26:24-25kè li pa avè w.
Ou va Pwov 25:16vomi mòso ke ou te manje a
e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.
 
Mat 7:6Pa pale nan zòrèy a moun sòt,
paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.
 
10 Pa deplase ansyen bòn nan,
ni Jr 22:3antre nan chan òfelen yo,
11 Paske Job 19:25Redanmtè yo a pwisan.
Li va plede ka yo kont ou.
 
12 Aplike kè ou a disiplin
ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
13  Pwov 13:24Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
14 Ou va frape li ak baton
pou I Kor 5:5delivre nanm li de sejou mò yo.
 
15 Fis mwen an, si kè ou Pwov 23:24saj,
pwòp kè m va kontan tou.
16 Wi, jis anndan m va rejwi
lè lèv ou pale Pwov 8:6sa ki dwat.
17  Sòm 37:1Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,
men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
18 Anverite, gen davni,
e Sòm 9:18espwa ou p ap anile.
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou Pwov 4:23 dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè Det 21:20 voras nan manje vyann;
21 paske sila ki Pwov 21:17bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
22  Pwov 1:8Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
23  Pwov 4:7Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e Pwov 10:1sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite Pwov 27:11papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
26 Ban m kè ou, fis mwen an;
kite zye ou Sòm 1:2 fè kè kontan nan chemen mwen yo.
27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,
e yon Pwov 5:20 fanm adiltè se yon ti pwi etwat.
28 Anverite, li Pwov 6:26kache veye tankou vòlè,
pou l ogmante enfidelite pami lòm.
 
29 Se kilès ki gen És 5:11-22gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès kap plenyèn?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki I Sam 25:36mize sou diven nan,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l Kan 7:9desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li Job 20:16mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va Pwov 2:12twouble anpil.
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap Pwov 26:11chache pou m kab bwè ankò.”
 

23:2 Pwov 23:20

23:4 Pwov 3:5-7

23:5 Pwov 27:24

23:6 Det 15:9

23:7 Pwov 26:24-25

23:8 Pwov 25:16

23:9 Mat 7:6

23:10 Jr 22:3

23:11 Job 19:25

23:13 Pwov 13:24

23:14 I Kor 5:5

23:15 Pwov 23:24

23:16 Pwov 8:6

23:17 Sòm 37:1

23:18 Sòm 9:18

23:19 Pwov 4:23

23:20 Det 21:20

23:21 Pwov 21:17

23:22 Pwov 1:8

23:23 Pwov 4:7

23:24 Pwov 10:1

23:25 Pwov 27:11

23:26 Sòm 1:2

23:27 Pwov 5:20

23:28 Pwov 6:26

23:29 És 5:11-22

23:30 I Sam 25:36

23:31 Kan 7:9

23:32 Job 20:16

23:33 Pwov 2:12

23:35 Pwov 26:11