7
A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!
O Sòm 45:13fi a prens lan!
Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.
Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;
vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
Kan 4:5De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,
jimo a yon antilòp.
Kou ou se yon kou ivwa,
zye ou tankou sous dlo nan Nonb 21:26Hesbon yo
akote pòtay a Bath-Rabbim nan.
Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
Tèt ou kouwone ou tankou És 35:2Mòn Carmel
e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.
Wa a kaptire pa très ou yo.
A la ou Kan 1:15-16bèl e a la ou mèvèye,
ak tout bèlte ou yo!
Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis
e tete ou se grap li yo.
Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,
mwen va kenbe tij fwi li yo.”
O ke tete ou yo kapab tankou grap
ki pann sou chan rezen nan
e bon odè a Kan 2:5souf ou tankou pòm,
Epi Kan 5:16bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,
e koule dousman nan lèv a sila
ki tonbe nan dòmi yo.
 
Jenn Fi a
10 Mwen pou cheri mwen an
e Sòm 45:11 dezi li se pou mwen.
11 Vini, cheri mwen an!
Annou pati ale nan chan yo
e fè lojman nan ti vil yo.
12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;
annou Kan 6:11gade pou wè si chan rezen an
gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.
Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
13 Mandragò yo fin bay bèl odè;
epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,
ni nèf ni ansyen,
ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.

7:1 Sòm 45:13

7:3 Kan 4:5

7:4 Nonb 21:26

7:5 És 35:2

7:6 Kan 1:15-16

7:8 Kan 2:5

7:9 Kan 5:16

7:10 Sòm 45:11

7:12 Kan 6:11