45
Pou direktè koral la; selon “Flè Lis Yo.” Yon Sòm a fis a Koré yo. 
 Yon Chanson Fèt Maryaj 
  1 Kè m debòde avèk yon bèl sijè.  
Mwen resite vèsè mwen yo pou Wa a.  
Lang mwen se plim a yon ekriven byen prepare.   
 2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo.  
✡Luc 4:22Lagras debòde sou lèv ou.  
Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.   
 3 Mete nepe Ou sou kwis ou, O Sila Ki Pwisan an,  
nan bèlte Ou avèk majeste Ou!   
 4 Nan majeste Ou, Ou va monte nèt an viktwa.  
Pou koz verite avèk ✡So 2:3imilite, avèk ladwati,  
kite men dwat Ou enstwi Ou bagay mèvèy yo.   
 5 Flèch Ou yo filè.  
Tout nasyon yo tonbe anba Ou,  
epi flèch Ou yo ✡II Sam 18:14 lantre nan kè lènmi a Wa a.   
 6 Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan;  
Baton ✡Sòm 98:9 ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.   
 7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.  
Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,  
te ✡Sòm 2:2onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.   
 8 Tout vètman Ou yo santi tankou lami, womaren ak sitwonèl.  
Soti nan palè livwa yo,lenstriman a kòd yo vin fè Ou kontan.   
 9 Fi a wa yo vin pami fanm pi onore yo.  
Sou ✡I Wa 2:19men dwat Ou, kanpe rèn nan, abiye an lò ki sòti Ophir a.   
 10 Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou.  
✡Det 21:13Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.   
 11 Konsa, wa a va dezire bèlte ou.  
Akoz li se senyè ou, ✡Ef 5:33vin bese ba devan L.   
 12 Fi ✡Sòm 87:4Tyr la va vini avèk yon kado.  
Moun gwo richès pami pèp yo k ap chache favè ou.   
 13 Lamarye a wa a bèl nèt anndan.  
Vètman li ✡Egz 39:2-3trese antre sòti avèk lò.   
 14 Li va ✡So 1:4mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri.  
Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.   
 15 Yo va mennen fè parèt avèk kè kontan ak anpil rejwisans.  
Yo va antre nan palè a wa a.   
 16 Nan plas a papa zansèt ou yo, va gen fis ou yo.  
Ou va fè yo prens sou tout latè.   
 17 Mwen va fè ✡Mal 1:11non Ou sonje nan tout jenerasyon yo.  
Akoz sa, tout pèp yo va bay Ou  
remèsiman pou tout tan e pou tout tan.