21
“Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li, alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a.
“Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj. Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a.
“Alò, Det 17:9-11prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo. Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va Mat 27:24lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a. Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li. Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite Nonb 35:33-34san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone. Det 19:13Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.
10 “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi Jos 21:44SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite, 11 epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm, 12 alò, nou va mennen li lakay nou. Li va Lev 14:8-9pase razwa sou tèt li, e taye zong li. 13 Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va Sòm 45:10fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou. 14 Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te Jen 29:33imilye li.
15 “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an, 16 epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a. 17 Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. Jen 25:31A li devni dwa a premye ne a.
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, Det 19:19nou va retire mal sa a nan mitan nou. Det 13:11Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
22 “Si yon nonm te fè yon peche ki Det 22:26merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa, 23  Jn 19:31kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske Gal 3:13sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.

21:5 Det 17:9-11

21:6 Mat 27:24

21:8 Nonb 35:33-34

21:9 Det 19:13

21:10 Jos 21:44

21:12 Lev 14:8-9

21:13 Sòm 45:10

21:14 Jen 29:33

21:17 Jen 25:31

21:21 Det 19:19

21:21 Det 13:11

21:22 Det 22:26

21:23 Jn 19:31

21:23 Gal 3:13