13
1 ✡ Mat 24:24“Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; epi anonse nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, e te di: ✡ Det 13:6-13‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t janm konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo; paske, SENYÈ a, Bondye nou an, ap ✡ Egz 20:20pase nou a leprèv pou wè si ✡ Det 6:5nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li; epi nou va kenbe kòmandman Li yo, koute vwa Li, sèvi Li, e ✡ Det 10:20kenbe fèm nèt ak Li. 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò; akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la; epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.
6 ✡ Det 17:2-7 “Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè, e di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), 8 nou pa pou apiye vè li, ni koute li.
“Epi zye nou✡ Pwov 1:10pa pou fè pitye de li, ni nou pa pou fè pa li, ni pwoteje li. 9 Men anverite, nou va touye li; ✡ Lev 24:14men nou va premye itilize pou mete li a lanmò; epi apre, men a tout pèp la. 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò; akoz li te ✡ Det 13:5chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 11 Epi tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò.
12 “Si nou tande nan youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo, 13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: ✡ Det 13:2‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo), 14 alò, nou va fè ankèt pou chache mande byen.
“Si se vrè zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou, 15 ✡ Det 13:5nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe; epi detwi li nèt avèk tout sa ki ladann, ni bèt li yo avèk lam nepe. 16 ✡ Det 7:25-26Epi nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan kote a; epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an; epi li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati.
17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a; epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin grandi jan Li te sèmante a zansèt nou yo, 18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an.