17
Det 15:21“Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
“Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, epi te ale Egz 22:20sèvi lòt dye yo pou adore yo, Job 31:26-28kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vrè, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e Lev 24:14nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri.
Nonb 35:30“Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. I Kor 5:13 Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou.
II Kwo 19:10“Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
“Konsa, nou va rive kote Det 19:17prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a. 10 Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou. 11  Det 25:1Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch.
12 “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël. 13 Epi Det 17:12tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò.
14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: I Sam 8:5-20‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’. 15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki Jr 30:21soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou.
“Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou. 16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap És 31:1fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’ 17  II Sam 5:13Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li.
18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, Det 31:24-26nan prezans prèt Levit yo. 19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan Det 4:9-10tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; 20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, Det 5:32e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.

17:1 Det 15:21

17:3 Egz 22:20

17:3 Job 31:26-28

17:5 Lev 24:14

17:6 Nonb 35:30

17:7 I Kor 5:13

17:8 II Kwo 19:10

17:9 Det 19:17

17:11 Det 25:1

17:13 Det 17:12

17:14 I Sam 8:5-20

17:15 Jr 30:21

17:16 És 31:1

17:17 II Sam 5:13

17:18 Det 31:24-26

17:19 Det 4:9-10

17:20 Det 5:32