19
1 ✡ Det 6:10-11“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo, 2 ✡ Det 4:41“Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a. 3 Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati teritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann.
4 ✡ Nonb 35:9-34“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— 5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa; epi men li voye rach la pou koupe bwa a, e tèt fè a vin pati e frape zanmi li an pou li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv; 6 otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan; epi nan chalè kòlè li, pran li si distans lan twòp pou pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan. 7 Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
8 “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè teritwa nou an ✡ Jen 15:18vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo; 9 si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, ✡ Det 6:5pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va mete anplis twa vil ankò pou nou menm. 10 Jis pou san inosan pa vèse nan mitan teritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou ✡ Nonb 35:33koupabilite san an pa vin rete sou nou.
11 “Men ✡ Egz 21:12si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, 12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la; epi livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. 13 Nou pa pou gen pitye pou li; men nou va fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.
14 ✡ Det 27:17“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.
15 ✡ Nonb 35:30“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè; sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka.
16 ✡ Egz 23:1“Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè, 17 alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe ✡ Det 17:9devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
18 “Jij yo ✡ Det 25:1va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l, 19 alò, ✡ Pwov 19:5nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an. 20 ✡ Det 17:13Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou. 21 Konsa, nou p ap gen pitye: ✡ Egz 21:23vi pou vi, ✡ Mat 5:38zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.