19
Pwov 28:6Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite
pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,
e li ki prese rive Pwov 21:5 fè fo pa.
Foli a yon nonm fè chemen l gate;
e kè li anraje kont SENYÈ a.
Pwov 14:20Richès fè zanmi ogmante anpil;
men malere pèdi zanmi li yo.
Yon Egz 23:1fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
Pwov 29:26Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;
tout moun se zanmi a sila ki bay kado.
Tout frè a malere yo a rayi li;
konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l.
Pwov 18:23 L ale jwenn yo ak pawòl plede; men yo fin ale.
Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li;
sila ki kenbe ak bon konprann nan va Pwov 16:20 jwenn sa ki bon.
Yon Pwov 19:5fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
10 Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;
bokou mwens pou yon Pwov 30:22esklav ta gen otorite sou prens yo.
11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;
se glwa li Mat 5:44 pou bliye yon transgresyon.
12  Pwov 16:14Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;
men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
13 Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,
e yon madanm k ap Pwov 21:9-19 diskite a
se tankou dlo kap degoute san rete.
14 Kay ak byen se II Kwo 12:14eritaj ki sòti nan papa;
men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a.
15  Pwov 6:9-10Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
16 Sila ki Pwov 16:16kenbe kòmandman an kenbe nanm li;
sila ki enpridan nan kondwit va mouri.
17 Yon moun ki Det 15:7-8fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
18  Pwov 13:24Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
19 Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;
paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23  Pwov 14:27Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
24 Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
25 Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri;
Pwov 9:8repwòch a yon moun bon konprann,
va fè l genyen konesans.
26 Sila Pwov 28:24ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
27 Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
28 Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;
e bouch mechan an Job 15:16gaye inikite.
29 Gen desizyon jijman pou mokè yo;
ak kou pou do a moun ensanse yo.

19:1 Pwov 28:6

19:2 Pwov 21:5

19:4 Pwov 14:20

19:5 Egz 23:1

19:6 Pwov 29:26

19:7 Pwov 18:23

19:8 Pwov 16:20

19:9 Pwov 19:5

19:10 Pwov 30:22

19:11 Mat 5:44

19:12 Pwov 16:14

19:13 Pwov 21:9-19

19:14 II Kwo 12:14

19:15 Pwov 6:9-10

19:16 Pwov 16:16

19:17 Det 15:7-8

19:18 Pwov 13:24

19:23 Pwov 14:27

19:25 Pwov 9:8

19:26 Pwov 28:24

19:28 Job 15:16