15
Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
Èske yon nonm saj ta dwe bay repons
ak konesans ki sòti nan van,
Job 6:26e ki plen tèt li avèk van lès?
Èske li ta diskite ak pale initil,
oswa ak pawòl ki pa gen valè?
Anverite, ou manke respè Bondye
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Paske se Job 22:5koupabilite ou ki enstwi bouch ou,
e ou chwazi langaj a rizye yo.
Job 18:7Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
 
“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,
oswa Job 38:4-21èske ou te fèt avan tout kolin yo?
Èske ou konn tande Wo 11:34konsèy sekrè a Bondye yo,
oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
Job 12:3Kisa ou konnen ke nou pa konnen?
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
10 Genyen ni granmoun ak moun Job 12:12cheve blanch pami nou,
ki pi gran pase papa ou.
11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
12 Poukisa a Job 11:13kè ou pote ou rive lwen konsa?
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14 Kisa lòm nan ye pou Ekl 7:20li ta kab san tach,
oswa Job 25:4 sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan Job 5:1sen Li yo
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;
lòm ki Job 34:7bwè inikite kon dlo a!
 
17 “M ap di ou, koute m byen;
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
18  Job 8:8sa ke moun saj konn pale
e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,
e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
20 Moun mechan an vire tounen Job 15:24nan pwòp doulè li tout tan,
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
21 Bri laperèz sone nan zòrèy li.
Job 20:21Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
22 Li pa gen espwa Job 15:30sòti nan tenèb la.
Desten li se Job 19:29 nepe.
23 Li mache egare pou chache manje epi di:
‘Kote li ye?’
Konsa, li konnen ke Job 15:22-30jou tenèb la gen tan rive.
24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25 Paske li fin lonje men l kont Bondye
e aji ak Job 36:9awogans kont Toupwisan an.
26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan
avèk gwo boukliye li.
27 Paske li fin Sòm 73:7kouvri figi li ak grès li,
e fè kwis li vin lou ak chè.
28 Li te Job 3:14viv nan vil dezole yo,
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,
ki fèt pou vin dekonble nèt.
29 Li Job 27:16-17p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30 Li p ap Job 5:14chape nan tenèb la.
Flanm nan va seche tout boujon li yo.
Kon Job 4:9souf bouch li, lap wale nèt.
31 Pa kite li Job 35:13mete konfyans nan gwo vid la.
Sa a ta yon desepsyon;
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
32 Sa va vin rive Job 22:16avan lè li.
Branch palmis li p ap vèt.
33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,
e va Job 14:2jete flè li kon pye oliv la.
34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 Yo Sòm 7:14 plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”

15:2 Job 6:26

15:5 Job 22:5

15:6 Job 18:7

15:7 Job 38:4-21

15:8 Wo 11:34

15:9 Job 12:3

15:10 Job 12:12

15:12 Job 11:13

15:14 Ekl 7:20

15:14 Job 25:4

15:15 Job 5:1

15:16 Job 34:7

15:18 Job 8:8

15:20 Job 15:24

15:21 Job 20:21

15:22 Job 15:30

15:22 Job 19:29

15:23 Job 15:22-30

15:25 Job 36:9

15:27 Sòm 73:7

15:28 Job 3:14

15:29 Job 27:16-17

15:30 Job 5:14

15:30 Job 4:9

15:31 Job 35:13

15:32 Job 22:16

15:33 Job 14:2

15:35 Sòm 7:14