3
Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. Job te di:
Jr 20:14-18“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,
ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.
Pa kite Bondye anwo a pran swen li,
ni limyè vin klere sou li.
Kite Jr 13:16fènwa avèk gwo tenèb reklame li.
Kite fènwa jou sa a modi li.
Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.
Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.
Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.
Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,
sila ki prè pou fè Levyatan Job 41:1-25leve kò l.
Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.
Kite li espere limyè, men pa twouve l.
E kite li pa wè maten vin parèt,
10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,
ni kache twoub devan zye m.
 
11  Job 10:18-19“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?
Sòti nan vant li e mouri la menm?
12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13 Paske koulye a mwen Job 3:13-19t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;
mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14 ansanm ak Job 12:18wa ak konseye latè
ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15 oswa avèk prens Job 27:16-17ki te gen lò yo,
ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,
kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17 La, mechan yo sispann fè laraj,
e la moun fatige yo jwenn Job 17:6repo.
18 Prizonye yo alèz ansanm.
Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19 Ni piti, ni gran yo la.
E esklav la lib de mèt li.
 
20 “Poukisa Jr 20:18limyè bay a sila ki soufri a,
e lavi a nanm anmè a,
21 ki Rev 9:6anvi wè lanmò, men nanpwen,
e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23 Poukisa limyè bay a yon nonm Job 19:6-12ak chemen an kache a,
ke Bondye te jennen tout kote a?
24 Paske Job 6:7soupi mwen yo parèt menm moman
manje a rive devan ze m.
Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25 Paske Job 9:28sa m krent lan te vini sou mwen.
Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26  Job 7:13-14Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.
Mwen pa jwenn repo,
ni m pa kal,
men se boulvèsman ki vin parèt.”

3:3 Jr 20:14-18

3:5 Jr 13:16

3:8 Job 41:1-25

3:11 Job 10:18-19

3:13 Job 3:13-19

3:14 Job 12:18

3:15 Job 27:16-17

3:17 Job 17:6

3:20 Jr 20:18

3:21 Rev 9:6

3:23 Job 19:6-12

3:24 Job 6:7

3:25 Job 9:28

3:26 Job 7:13-14