9
1 Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a ✡ Luc 8:31fòs labim nan te bay a li menm. 2 Li te ouvri labim nan, e ✡ Jen 19:28lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.
3 ✡ Egz 10:12-15Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè; epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. 4 Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen ✡ Éz 9:4so Bondye a parèt sou fon yo. 5 Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa; e toumant yo te tankou toumant a yon ✡ II Kwo 10:11,14eskòpyon lè l pike yon moun.
6 Nan jou sa yo, ✡ Job 3:21moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
7 Aparans a krikèt yo ✡ Jl 2:4te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. 8 Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e ✡ Jl 1:6dan yo te tankou dan lyon. 9 Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. 10 Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan; epi nan ✡ Rev 9:19ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan ✡ Rev 9:5senk mwa.
11 Yo gen kòm wa sou yo, zanj ✡ Luc 8:31labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.
12 ✡ Rev 8:13Premye malè a te gen tan fin pase; veye, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.
13 Answit, sizyèm zanj lan te sone, e mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn ✡ Rev 8:3lotèl an lò ki devan Bondye a. 14 Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote ✡ Jen 15:18gwo Larivyè Euphrate la.”
15 Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te ✡ Rev 20:7lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. 16 Kantite lame ki te sou cheval yo te ✡ Rev 5:11de-san-milyon; mwen te tande kantite yo a.
17 Epi se konsa, m te wè nan vizyon an cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak ✡ Rev 9:18souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti ✡ Rev 11:5nan bouch yo. 18 Yon ✡ Rev 8:7tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. 19 Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo; paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.
20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, ✡ Rev 2:21pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo; 21 Epi yo pa t repanti nan asasine moun, ni ✡ És 47:9,12nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.