10
I Wa 12:1-20 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: “Papa ou te fè fado I Wa 5:13-16nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.”
Konsa, pèp la te ale.
Alò, Wa Roboam te fè Job 8:8-9konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e Pwov 15:1pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
Men li te II Sam 17:4echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’ ”
10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! 11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’ ”
12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” 13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, I Wa 11:29-39pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: II Sam 20:1“Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te I Wa 4:6chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. 19 Konsa, I Wa 12:19Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.

10:1 I Wa 12:1-20

10:4 I Wa 5:13-16

10:6 Job 8:8-9

10:7 Pwov 15:1

10:8 II Sam 17:4

10:15 I Wa 11:29-39

10:16 II Sam 20:1

10:18 I Wa 4:6

10:19 I Wa 12:19