20
Alò, te gen yon II Sam 16:7sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: I Wa 12:16“Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!”
Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem.
David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi II Sam 15:16wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv.
Alò, wa a te di a II Sam 17:25Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.”
Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te I Sam 13:8pran reta plis tan ke li te dwe pran an. Epi David te di a II Sam 21:17Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.”
Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. Lè yo te la nan gwo wòch ki II Sam 2:13Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt. Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi Mat 26:49Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. 10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te II Sam 2:23frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 11 Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, II Sam 20:13kite li swiv Joab.”
12 Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe. 13 Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. 14 Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou. 15 Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. II Wa 19:32Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe.
16 Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.” 17 Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?”
Epi li te reponn: “Se mwen”.
Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.”
Epi li te reponn: “M ap koute.” 18 Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan. 19 Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?”
20 Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi! 21 Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, II Sam 20:2 Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.”
Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.”
22 Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt a II Sam 20:1Schéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
23  II Sam 8:16-18Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo; 24 epi Adoram te sou travay fòse a e I Wa 4:3Josaphat, fis a Achilud la te grefye a; 25 epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk I Wa 4:4Abiathar te prèt; 26 epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David.

20:1 II Sam 16:7

20:1 I Wa 12:16

20:3 II Sam 15:16

20:4 II Sam 17:25

20:5 I Sam 13:8

20:6 II Sam 21:17

20:8 II Sam 2:13

20:9 Mat 26:49

20:10 II Sam 2:23

20:11 II Sam 20:13

20:15 II Wa 19:32

20:21 II Sam 20:2

20:22 II Sam 20:1

20:23 II Sam 8:16-18

20:24 I Wa 4:3

20:25 I Wa 4:4