19
Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, II Sam 18:5-14wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.” Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.”
Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la. Wa a te II Sam 15:30kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”
Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo, akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan. Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, Pwov 14:28p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”
Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, II Sam 18:17Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: II Sam 8:1-14“Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, II Sam 15:14li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom. 10 Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”
11 Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li? 12 Nou menm se frè m; II Sam 5:1nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’ 13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt II Sam 3:27-39nan plas Joab.’ ” 14 Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo Jij 20:1tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.”
15 Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini Jos 5:9Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an. 16 Epi II Sam 16:5-13Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David. 17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk II Sam 16:1-4Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a. 18 Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li.
Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an. 19 Konsa, li te di a wa a: I Sam 22:15“Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè. 20 Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, II Sam 16:5premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.”
21 Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, Egz 22:28akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?”
22 Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? I Sam 11:13Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a? 23 Wa a te di a Schimeï: I Wa 2:8“Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm.
24 Epi II Sam 9:6-10Méphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a. 25 Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: II Sam 16:17“Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”
26 Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ II Sam 9:3akoz sèvitè ou a bwete. 27 Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se II Sam 14:17-20tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou. 28 Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. II Sam 9:7-13Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”
29 Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’ ” 30 Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.”
31 Alò II Sam 17:27-29Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an. 32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan. 33 Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.”
34 Men Barzillaï te di a wa a: Jen 47:8“Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem? 35 Mwen menm, koulye a, mwen nan Sòm 90:10katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, II Sam 15:33poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a? 36 Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a? 37 Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, I Wa 2:7Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”
38 Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.”
39 Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te Rt 1:14bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li. 40 Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk II Sam 19:9-10la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a. 41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: II Sam 19:11-12“Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”
42 Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz II Sam 19:12wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”
43 Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: II Sam 5:1“Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.

19:1 II Sam 18:5-14

19:4 II Sam 15:30

19:7 Pwov 14:28

19:8 II Sam 18:17

19:9 II Sam 8:1-14

19:9 II Sam 15:14

19:12 II Sam 5:1

19:13 II Sam 3:27-39

19:14 Jij 20:1

19:15 Jos 5:9

19:16 II Sam 16:5-13

19:17 II Sam 16:1-4

19:19 I Sam 22:15

19:20 II Sam 16:5

19:21 Egz 22:28

19:22 I Sam 11:13

19:23 I Wa 2:8

19:24 II Sam 9:6-10

19:25 II Sam 16:17

19:26 II Sam 9:3

19:27 II Sam 14:17-20

19:28 II Sam 9:7-13

19:31 II Sam 17:27-29

19:34 Jen 47:8

19:35 Sòm 90:10

19:35 II Sam 15:33

19:37 I Wa 2:7

19:39 Rt 1:14

19:40 II Sam 19:9-10

19:41 II Sam 19:11-12

19:42 II Sam 19:12

19:43 II Sam 5:1