14
Alò Joab, fis a II Sam 13:39Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom. Pou sa, Joab te voye kote II Sam 23:26Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou. Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete II Sam 14:19pawòl nan bouch li pou pale.
Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te I Sam 25:23kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.”
Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?”
Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri. Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li. Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e Mat 21:38 vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.”
Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.”
Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite I Wa 2:33wa a avèk twòn li an pa koupab.”
10 Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.”
11 Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, Nonb 35:19-21pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.”
Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.”
12 Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.”
Li te di: “Pale”. 13 Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen II Sam 13:37-38sila li te ekzile a. 14 Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Nonb 35:15-28Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.” 15 Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’ 16 Paske wa a va tande e delivre sèvant li an soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou Det 32:9eritaj Bondye a. 17 Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou I Sam 29:9zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’ ”
18 Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.”
Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.”
19 Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?”
Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. II Sam 14:3Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an, 20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, II Sam 14:17tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”
21 Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.”
22 Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”
23 Konsa, Joab te leve ale Det 3:14Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem. 24 Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” II Sam 13:20 Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a. 25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan Job 2:7talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm. 26 Lè l te konn Éz 14:20taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a. 27 Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele II Sam 13:1Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl. 28 Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a. 29 Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini. 30 Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, Jij 15:3-5chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
31 Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?”
32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.” ’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e I Sam 20:8 si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
33 Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e Jen 33:4wa a te bo Absalom.

14:1 II Sam 13:39

14:2 II Sam 23:26

14:3 II Sam 14:19

14:4 I Sam 25:23

14:7 Mat 21:38

14:9 I Wa 2:33

14:11 Nonb 35:19-21

14:13 II Sam 13:37-38

14:14 Nonb 35:15-28

14:16 Det 32:9

14:17 I Sam 29:9

14:19 II Sam 14:3

14:20 II Sam 14:17

14:23 Det 3:14

14:24 II Sam 13:20

14:25 Job 2:7

14:26 Éz 14:20

14:27 II Sam 13:1

14:30 Jij 15:3-5

14:32 I Sam 20:8

14:33 Jen 33:4