23
1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.
David, fis a Jesse a deklare
Mesye ki te leve anwo a deklare,
✡ Sòm 89:20Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,
Chantè dous Israël la,
2 Nan mwen, ✡ Mat 22:43Lespri SENYÈ a te pale,
Pawòl pa Li te sou lang mwen. 3 Bondye a Israël la te di;
✡ II Sam 22:2-32Wòch a Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
Ki renye avèk lakrent Bondye yo, 4 Se tankou ✡ Jij 5:31limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli. 5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?
Paske, ✡ II Sam 7:12-16Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,
An lòd nan tout bagay e byen solid;
Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,
Èske, anverite, Li p ap fè l grandi? 6 Men ✡ Mat 13:41sanzave yo, yo chak va pouse
Jete deyò tankou raje pikan,
Akoz pèsòn p ap kab pran yo an men; 7 Men nonm ki touche yo a
Dwe ame avèk fè ak shaf lans e
Yo va vin ✡ Mat 3:10brile nèt avèk dife an plas kote yo ye a.
8 Sila yo se ✡ I Kwo 11:11non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Li te parèt avèk lans li sou ui-san òm ki te mouri yon sèl kou yo. 9 Apre li menm, se Éléazar, fis a ✡ I Kwo 27:4Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo; epi, lòt mesye Israël yo te fè bak yo. 10 ✡ I Kwo 11:13Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Epi SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. 11 Alò, apre li se te Schamma, fis a Agué a, yon ✡ II Sam 23:33Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon moso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. 12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi, ✡ II Sam 23:10SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa. 13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote ✡ I Sam 22:1kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan ✡ II Sam 5:18 vale Rephaïm nan. 14 Nan tan sa a, David te la ✡ I Sam 22:4nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. 15 ✡ I Kwo 11:17David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 16 ✡ I Kwo 11:18Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo, yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a; 17 epi li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ; ✡ Lev 17:10Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. 18 ✡ II Sam 10:10-14Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te ✡ I Kwo 11:20-21chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. 19 Li te pi onore pami trant yo; epi, pou sa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo twa sa yo. 20 Alò, ✡ II Sam 8:18Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. 21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. 22 Bagay sa yo, ✡ II Sam 23:20Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. 23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. 24 ✡ II Sam 2:18Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, 25 ✡ I Kwo 11:27Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, 26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, ✡ II Sam 14:2Tekoyit la, 27 Abiézer, ✡ Jos 21:18Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, 28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. 29 ✡ I Kwo 11:30Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan ✡ Jos 18:28Guibea, fis a Benjamin yo, 30 Benaja, a ✡ Jij 12:13Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. 31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, ✡ II Sam 3:16Bakoumit lan, 32 Eliachba, ✡ Jos 19:42Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, 33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, 34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. 35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. 36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, 37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a. 38 Ira a Jéther. 39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.