10
I Kwo 19:1-19 Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li. Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a I Sam 11:1Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo.
Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? Jen 42:9-16Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?”
Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te És 20:4koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale. Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.”
Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke Jen 34:30yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm. Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo. Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la I Kwo 19:9devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an. Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo. 10 Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo. 11 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou. 12 Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. I Sam 3:18Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.” 13 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e I Wa 20:13-21yo te sove ale devan yo. 14 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, II Sam 11:1Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
15 Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm. 16  II Sam 8:3-8Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo. 17 Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li. 18 Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye I Kwo 19:18sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la. 19 Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, II Sam 8:6yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò.

10:1 I Kwo 19:1-19

10:2 I Sam 11:1

10:3 Jen 42:9-16

10:4 És 20:4

10:6 Jen 34:30

10:8 I Kwo 19:9

10:12 I Sam 3:18

10:13 I Wa 20:13-21

10:14 II Sam 11:1

10:16 II Sam 8:3-8

10:18 I Kwo 19:18

10:19 II Sam 8:6