11
I Kwo 20:1Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure Mat 24:17twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?”
David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, Jc 1:14-15li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: Lev 20:10“Mwen ansent.”
Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David. Lè Urie te vin kote li, Jen 37:14David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a. Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou Jen 43:24lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa, a e yon kado soti nan men wa a te voye ba li. Men Urie te dòmi I Wa 14:27-28kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li. 10 Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?”
11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.”
12 Alò, David te di a Urie: Job 20:12-14 “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a. 13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te Pwov 20:1 fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li. 14 Alò, nan maten, David I Wa 21:8-10te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie. 15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab II Sam 12:9 tonbe mouri.”
16 Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo. 17 Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi II Sam 1:21Urie, Itit la te mouri tou. 18 Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a. 19 Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a, 20 epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la? 21 Se kilès ki te Jij 9:50-54frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’ ”
22 Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo. 23 Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la. 24 Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.”
25 Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
26 Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, Det 34:8li te kriye pou mari li. 27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, II Sam 12:9li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men Sòm 51:4-5bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.

11:1 I Kwo 20:1

11:2 Mat 24:17

11:4 Jc 1:14-15

11:5 Lev 20:10

11:7 Jen 37:14

11:8 Jen 43:24

11:9 I Wa 14:27-28

11:12 Job 20:12-14

11:13 Pwov 20:1

11:14 I Wa 21:8-10

11:15 II Sam 12:9

11:17 II Sam 1:21

11:21 Jij 9:50-54

11:26 Det 34:8

11:27 II Sam 12:9

11:27 Sòm 51:4-5