34
Det 32:49Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan, epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska Det 11:24lanmè lwès la, epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, Jij 1:16lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar.
Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke Jen 12:7Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.”
Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, Det 32:50te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a. Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, Det 3:29anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a.
Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. Jen 27:1Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli. Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
Alò, Josué, fis a Nun nan, te Nonb 27:18-23ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
10 Depi nan tan sa a, 18:15-18okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke Egz 33:11SENYÈ a te konnen fasafas, 11 pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout teritwa li a, 12 epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.

34:1 Det 32:49

34:2 Det 11:24

34:3 Jij 1:16

34:4 Jen 12:7

34:5 Det 32:50

34:6 Det 3:29

34:7 Jen 27:1

34:9 Nonb 27:18-23

34:10 18:15-18

34:10 Egz 33:11