33
Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, Jos 14:6nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. Li te di:
Egz 19:18-20“SENYÈ a te sòti nan Sinai,
e te parèt sou yo soti nan Séir.
Li te briye soti nan Mòn Paran.
Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen.
Nan men dwat Li, te gen yon lalwa
byen cho ki te pou yo.
Anverite, Li renmen pèp la.
Det 7:6Tout sen li yo nan men Ou.
Sou pye Ou, yo tout pwostène.
Yo te resevwa pawòl Ou yo.
Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa,
Sòm 119:111eritaj pou asanble Jacob la.
Nonb 23:21Epi Li te wa an Israël
lè tèt a pèp la te rasanble
tout tribi a Israël yo ansanm.
Jen 49:3-4Ke Ruben viv e pa mouri;
ni ke moun li yo pa manke.”
Jen 49:8-12Sa se pou Juda: Li te di,
“Tande O Israël vwa Juda,
e mennen li vè pèp li.
Avèk men li, li te lite pou kont li.
Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
A Lévi, li di:
Egz 28:30Thumim nan avèk Urim nan
apatyen a sèvitè fidèl Ou,
ou te pase li a leprèv nan Massa,
avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
Li te di de papa l avèk manman l:
“Mwen pa t wè li.”
Li pa t rekonèt pwòp frè pa li,
ni fis li yo Mat 2:5pwiske yo te swiv pawòl Ou
e te kenbe akò Ou.
10  Lev 10:11Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob,
e lwa Ou a Israël.
Yo va mete lansan devan Ou,
ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
11 O SENYÈ, beni abilite li yo,
e beni zèv men li yo.
Kase ren a sila ki leve kont li yo,
e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
12 A Benjamin, li te di:
Det 4:37“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,
paske Li pwoteje li tout lajounen.
Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
13 A Joseph, li te di:
Jen 27:27-28“Peyi li se beni pa SENYÈ a
ak lawouze presye ki soti nan syèl la,
e avèk dlo pwofon ki anba,
14 pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
15 pou pi bèl bagay a Hab 3:6mòn ansyen yo,
pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
16 pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l,
ak favè Egz 2:2-6a Sila ki te demere nan touf bwa brile a.
Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la,
sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
17 Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li.
Kòn li yo se kòn a Nonb 23:22bèf mawon.
Avèk yo, li va bourade pèp yo,
jis a sila a ki nan pwent latè yo.
Sila yo se di-mil a Ephraïm yo.
Yo se milye yo a Manassé.”
18 De Zabulon, li te di:
Jen 49:13-15“Rejwi, Zabulon lè nou soti,
ak Issacar nan tant nou yo.
19 Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la.
La, yo va ofri sakrifis ladwati,
paske yo va rale És 60:5abondans lanmè
ak trezò ki kache nan sab yo.”
20 De Gad, li te di:
“Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo;
li kouche ba Jen 49:9tankou yon manman lyon,
pou l dechire bra a oswa tèt la.
21 Premye pati li fè pou kont li,
paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève.
Epi li te vini avèk chèf a pèp yo.
Jos 22:1-3Li te egzekite jistis a SENYÈ,
òdonans Li yo avèk Israël.”
22  Jen 49:16De Dan, li te di:
“Dan se pòtre a yon lyon
ki vòltije sòti nan Basan.”
23 De Nephtali, li te di:
Jen 49:21O Nephtali, satisfè avèk favè,
ranpli avèk benediksyon SENYÈ a,
Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.”
24  Jen 49:20De Aser, li te di:
“Pi beni pase fis yo se Aser.
Ke li kapab beni pa frè li yo.
Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz.
Det 4:40Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
 
26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la,
Det 10:14ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,
e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
27  Sòm 90:1-2Bondye etènèl la se kote pou nou kache.
Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.
Li te chase lènmi an devan nou;
Li te di: ‘Detwi!’
28  Det 33:12Konsa, Israël viv ansekirite,
sous Jacob ki mete apa a,
Jen 27:28-37nan yon peyi sereyal avèk diven nèf.
Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
29 Beni ou ye, O Israël!
Det 4:32Kilès ki sanble avèk ou,
yon pèp delivre pa SENYÈ a,
ki se pwotèj k ap ba ou sekou a
ki se nepe a majeste ou?
Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou,
e ou va foule wo plas yo.”

33:1 Jos 14:6

33:2 Egz 19:18-20

33:3 Det 7:6

33:4 Sòm 119:111

33:5 Nonb 23:21

33:6 Jen 49:3-4

33:7 Jen 49:8-12

33:8 Egz 28:30

33:9 Mat 2:5

33:10 Lev 10:11

33:12 Det 4:37

33:13 Jen 27:27-28

33:15 Hab 3:6

33:16 Egz 2:2-6

33:17 Nonb 23:22

33:18 Jen 49:13-15

33:19 És 60:5

33:20 Jen 49:9

33:21 Jos 22:1-3

33:22 Jen 49:16

33:23 Jen 49:21

33:24 Jen 49:20

33:25 Det 4:40

33:26 Det 10:14

33:27 Sòm 90:1-2

33:28 Det 33:12

33:28 Jen 27:28-37

33:29 Det 4:32