23
1 Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.” 2 Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a, e Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
3 Epi Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale; petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.
4 Alò, Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”
5 Epi SENYÈ a te ✡ Det 18:18mete yon pawòl nan bouch Balaam, e te di: “Retounen kote Balak, e ou va pale konsa.”
6 Konsa, li te retounen kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. 7 Li te pran diskou li, e te di:
“Depi nan ✡ Nonb 22:12Aram, Balak te mennen m,
Wa Moab ki soti nan mòn Lès yo;
‘Vin modi Jacob pou mwen.
Epi vin denonse Israël!’
8 ✡ Nonb 22:12Kijan mwen kapab modi,
lè Bondye pa t modi?
Epi kijan mwen kapab denonse
sila ke SENYÈ a pa t denonse?
9 “Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo,
e mwen gade li depi sou ti mòn yo;
✡ Det 32:8gade byen, yon pèp ki rete apa,
e ki p ap kab konte pami nasyon yo.
10 ✡ Jen 13:16Kilès ki kab konte pousyè a Jacob,
oswa konte menm yon ka an Israël?
Kite mwen mouri lanmò jis yo,
e ke lafen pa mwen an tankou pa li.”
11 Epi Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? ✡ Né 13:2Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”
12 Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale ✡ Nonb 22:20sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”
13 Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo; epi modi yo pou mwen depi la.” 14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a, e li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.
15 Epi li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”
16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam, Li ✡ Nonb 22:20te mete yon pawòl nan bouch li e te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”
17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Epi Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”
18 Alò, li te pran diskou li e te di: “Leve ou menm, O Balak, pou tande; ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor! 19 ✡ I Sam 15:29Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti; èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè? 20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni; lè se Li menm ki beni, alò, ✡ És 43:13mwen p ap kab revoke sa. 21 Li pa t wè malè nan Jacob; Ni Li pa t wè twoub nan Israël. ✡ Egz 3:12SENYÈ a, Bondye li a avèk li; epi gran vwa a yon wa pami yo. 22 ✡ Nonb 24:8Bondye mennen yo sòti an Égypte; Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon. 23 ✡ Nonb 22:7Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a! 24 ✡ Jen 49:9Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, e tankou yon lyon li leve li menm; e li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, e bwè san a sila li touye a.”
25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”
26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ✡ Nonb 22:18‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”
27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote; petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.” 28 Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.
29 Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.” 30 Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.