43
Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, És 43:15Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
Lè w ap Sòm 66:12pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen en Israël la, És 19:20Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
Akoz ou Egz 19:5-6presye nan zye M,
akoz ou gen gran valè
e Mwen renmen ou,
Mwen va bay lòt moun nan plas ou
e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
Pa pè, paske És 8:10Mwen avèk ou;
Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès
e ranmase ou nan lwès.
Mwen va di a És 8:10nò: ‘Lage yo!’
Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’
Mennen fis Mwen yo soti lwen
e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
tout moun ki rele pa non Mwen
e ke Mwen te Sòm 100:3kreye pou glwa Mwen,
ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
 
Mennen fè parèt pèp ki És 6:9avèg la, malgre yo gen zye
e soud la, malgre yo gen zòrèy.
Kite tout nasyon yo És 34:1reyini ansanm
e tout pèp yo rasanble.
Kilès pami yo ki kapab deklare sa
e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo?
Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye,
oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
 
10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a,
“Ak sèvitè ke M te chwazi;
pou nou ka konnen, kwè nan Mwen
e konprann ke És 41:4Mwen se Li menm nan.
Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme
e apre Mwen, p ap gen menm.
11 Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen És 43:3sovè
apa de Mwen menm.
12 Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame
e pat genyen Det 32:16dye etranje pami nou.
Konsa, nou se temwen M”,
deklare SENYÈ a:
“Epi Mwen se Bondye.
13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm
e Sòm 50:22pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M;
Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
14 Konsa pale SENYÈ a, És 41:14Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo. 15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, És 43:1Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
16 Konsa pale SENYÈ a, ki Egz 14:21-22fè yon wout sou lanmè a,
e yon chemen nan dlo pwisan yo,
17 Ki mennen fè parèt Egz 15:19cha avèk cheval la,
lame ak mesye pwisan a
(Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò;
yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
18 Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou,
ni reflechi sou bagay ki fin pase.
19 Gade byen, Mwen va fè yon bagay És 42:9tounèf;
koulye a, li va pete vin parèt.
Èske nou p ap rekonèt li?
Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè,
ak rivyè yo nan dezè a.
20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm,
chen mawon nan chan yo ak otrich yo,
akoz Mwen te És 41:17-18bay dlo nan savann nan
e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
21  És 43:1Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
 
22 Men ou pa t rele Mwen, O Jacob;
men ou te Mi 6:3vin fatige ak Mwen, O Israël.
23 Ou Am 5:25pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo.
Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo,
ni fè ou fatige ak lansan.
24 Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan,
ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo.
Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo.
Ou te Sòm 95:10fatige M ak inikite ou yo.
 
25 Mwen menm, Mwen se Sila ki És 44:22efase transgresyon ou yo,
pou koz Mwen;
e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26 Mete M nan memwa ou.
És 1:18Annou diskite ka nou ansanm.
Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
27  És 51:2Premye zansèt ou yo te peche,
e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
28 Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp;
Mwen va fè Jacob yon malediksyon,
e Israël kon yon Sòm 79:4repwòch.

43:1 És 43:15

43:2 Sòm 66:12

43:3 És 19:20

43:4 Egz 19:5-6

43:5 És 8:10

43:6 És 8:10

43:7 Sòm 100:3

43:8 És 6:9

43:9 És 34:1

43:10 És 41:4

43:11 És 43:3

43:12 Det 32:16

43:13 Sòm 50:22

43:14 És 41:14

43:15 És 43:1

43:16 Egz 14:21-22

43:17 Egz 15:19

43:19 És 42:9

43:20 És 41:17-18

43:21 És 43:1

43:22 Mi 6:3

43:23 Am 5:25

43:24 Sòm 95:10

43:25 És 44:22

43:26 És 1:18

43:27 És 51:2

43:28 Sòm 79:4