6
1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di:
“Leve, plede ka ou devan mòn yo e
kite kolin yo tande vwa ou.
2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a,
e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo.
Paske ✡ És 1:18SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a e Li
va plede ka a ak Israël.
3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou, e
✡ Jr 2:5; És 43:22,23 nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!
4 Anverite Mwen te mennen nou monte soti
nan peyi Égypte,
Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la,
e mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”✡ Det 7:8; Egz 4:10-16
5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy a Balak,
wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li;
Sonje soti nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka
konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
6 ✡ Sòm 40:6-8Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,
e bese m ba devan Bondye anlè a?
Èske mwen ta vini ak ofrann brile,
ak ti bèf ki gen yon lane?
7 Èske SENYÈ a pran plezi nan ✡ Sòm 50:9 milye
de belye yo,
oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?
Èske se ✡ Lev 18:21premye ne mwen an mwen dwe bay
pou zak rebelyon mwen yo,
fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,
e sajès, li menm, gen respe pou non ou.
“Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.
10 Èske toujou gen trezò ✡ Jr 5:26,27mechanste
lakay mechan an,
ak yon mezi manke, ki se madichonnen?
11 Èske Mwen kapab jistifye yon ✡ Lev 19:36 fo balans
ak yon sachè fo pèz?
12 Paske moun rich li yo plen vyolans,
rezidan li yo fè ✡ Jr 9:2-6,8 manti e
✡ És 3:8lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13 Konsa tou, Mwen te frape ak ✡ Mi 1:9; És 1:7yon blesi grav.
Mwen va fè ou vin dezole
akoz peche ou yo.
14 Ou va manje, men ou ✡ És 9:20 p ap satisfè e
imilyasyon ou va nan mitan ou;
ou va vin mete sou kote, men ou p ap ✡ És 30:6rezève,
e sa ke ou t ap rezève a,
Mwen va bay li a nepe.
15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte.
Ou va kraze grenn oliv,
men ou menm p ap onksyone ak lwil;
ak rezen, men ou p ap bwè nan diven an.✡ Det 28:38-40; Am 5:11
16 Paske se règleman a ✡ I Wa 16:25,26 Omri yo nou kenbe,
zèv lakay Achab yo ou te obsève,
e se nan manèv yo ke ou te ✡ Jr 7:24mache.
Akoz sa, Mwen va fè ou vin tounen yon dezolasyon.
Pèp ou a va vin giyonnen e
ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”