MICHÉE   
 1
 1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a ✡Jr 26:18 Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.   
 2 Tande, O pèp yo, nou tout!  
✡Jr 6:19 Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.  
Kite SENYÈ Bondye a vin ✡És 50:7temwen kont nou;  
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.   
 3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin ✡És 26:21sòti nan plas Li a.  
Li va vin desann pou ✡Am 4:13 foule wo plas latè yo.   
 4 ✡Sòm 97:5Mòn yo fann anba Li;  
Vale yo fann tankou lasi devan dife,  
tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.   
 5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la  
ak pou peche Israël la.  
Se kisa ki ✡Jr 2:19  rebelyon a Jacob la?  
Èske se pa ✡És 7:9Samarie?  
Se kisa ki wo plas a Juda yo?  
Èske se pa Jérusalem?   
 6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil ✡II Wa 19:25mazi nan yon chan louvri,  
tankou yon kote pou plante yon chan rezen.  
Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a,  
e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.   
 7 Tout ✡Det 9:21 zidòl li yo va vin kraze nèt,  
tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a,  
e tout zidòl li yo Mwen va detwi;  
paske se pou salè a yon ✡Det 23:18pwostitiye ke li te ranmase yo,  
e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.   
 8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò.  
Mwen oblije ale ✡És 32:11 pye atè ak toutouni.  
Mwen oblije fè lamantasyon tankou ✡És 13:21,22chen mawon,  
plenyen tankou otrich!   
 9 Paske ✡És 3:26blesi li a p ap ka geri;  
paske li fin rive nan Juda.  
Li rive nan pòtay a pèp mwen an,  
menm Jérusalem.   
 10 ✡II Sam 1:20Pa pale sa nan Gath.  
Pa kriye menm.  
Nan Beth-Leaphra mwen te woule  
kò mwen nan pousyè.   
 11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir;  
nan ✡Éz 23:29 lawont ak toutouni ou.  
Moun ✡Jos 15:37Tsaanan p ap chape.  
Plenyen Beth-Haëtsel la:  
Li va retire sou ou tout soutyen li.   
 12 Paske moun Maroth vin fèb nan ✡És 59:9-11tann sa ki bon,  
akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a,  
rive nan pòtay Jérusalem nan.   
 13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun ✡Jos 10:3Lakis!  
Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an—  
akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.   
 14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath.  
Lakay ✡Jos 15:44 Aczib yo va vin yon ✡Jr 15:18desepsyon pou wa Israël yo.   
 15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila  
k ap pran posesyon nou an,  
O nou menm k ap viv nan ✡Jos 15:44Maréscha yo!  
Glwa Israël la va antre menm nan ✡II Sam 23:13 Adullam.   
 16 Vin ✡És 22:12chòv nèt;  
koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an.  
Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg,  
paske ✡II Wa 17:6 yo te ale an egzil kite ou!