2
1 Malè a sila k ap ✡ Sòm 36:4fè plan inikite yo,
k ap manevre mechanste sou kabann yo!
Lè maten rive, yo pratike li, paske sa nan pouvwa a
men yo. 2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,
kay yo, e konsa yo pran yo.
Yo vole yon nonm ak kay li,
Yon nonm ak tout eritaj li.
3 Pou sa, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont
pèp sa a,
yon malè nan sila nou p ap ka retire kou nou;
ni nou p ap ka mache ak awogans,
paske sa se yon ✡ Det 28:48; Am 5:13 move tan.
4 Nan jou sa a, yo va ✡ Hab 2:6 fè leve kont nou yon pawòl;
mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris
e yo va di: ‘Nou fin ✡ És 6:11detwi nèt!
Li divize eritaj a pèp mwen an.
A la retire li retire li nan men mwen!
Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’ ”
5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann ✡ Nonb 34:13,16-29lign mezi
pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
6 “Pa pwofetize”, yo pwofetize—
“Pa pwofetize de bagay de sila yo;
repwòch yo p ap janm kite nou.”
7 Èske se konsa sa va pale, O! Lakay Jacob?
“Èske Lespri SENYÈ a vin ✡ És 50:2an kolè?
Èske sa yo se zèv pa Li?
Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila
k ap mache dwat la?”
8 Nan tan sa a, pèp Mwen an te vin leve tankou
yon ✡ Jr 12:8ènmi.
Nou chire retire manto sou abiman a sila
k ap pase pa aza yo,
jis rive nan sila k ap retounen sòti nan lagè yo.
9 Fanm a pèp Mwen yo, nou ✡ Jr 10:20mete yo deyò
soti kite bèl ti kay yo;
nan jèn pitit yo, nou rache retire
tout benediksyon Mwen,
jis pou tout tan.
10 Leve ale!
Paske isit la, se pa yon kote pou ✡ Det 12:9 ou repoze;
li plen ak sa ki ✡ Sòm 106:38pa pwòp ki kab detwi,
menm avèk yon destriksyon ki
bay gwo doulè.
11 Si yon nonm ap mache nan yon lespri
manti e ap di: ✡ Jr 5:31
“Mwen va pale avèk nou konsènan
diven ak bwason fò,”
li ta kapab menm vin pwofèt a ✡ És 30:10,11 pèp sa a.
12 Anverite, Mwen va ✡ Mi 4:6,7 rasanble nou tout, O Jacob!
Anverite, Mwen va ranmase ✡ Mi 5:7,8retay Israël yo.
Mwen va mete yo ansanm tankou mouton
nan Pak;
tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo,
yo va fè gwo bri akoz de gwo kantite
moun yo.
13 Sila k ap ouvri kraze a ale devan yo;
yo kraze pòtay la pou pase ladann.
Se wa yo ki pase devan yo e
SENYÈ la a latèt yo.