3
1 Epi mwen te di:
“Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila
k ap gouvène lakay Israël yo.
Èske nou pa dwe konnen lajistis?✡ Sòm 82:1-5
2 Nou menm ki rayi sa ki bon e ki renmen sa ki mal,
ki ✡ Sòm 53:4rache po yo sou kò yo e
chè yo soti sou zo yo;
3 K ap anplis✡ Sòm 14:4 manje chè a pèp Mwen an,
kwòche po yo sou yo, kraze zo yo
e ✡ Éz 11:3koupe yo an mòso
tankou se pou mete nan chodyè,
tankou vyann nan bonm.
4 Nan lè sa a, yo va kriye fò bay SENYÈ a,
men Li p ap reponn yo.
Olye de sa, nan lè sa a, Li va ✡ Det 31:17; És 3:11kache figi li a yo menm;
akoz yo te pratike zak ki mechan.”
5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te ✡ És 3:12 mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo jwenn kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”, men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè sen.
6 Akoz sa, li va fènwa ✡ És 8:20-22 pou nou——san vizyon
e fènwa pou nou—-san pwofesi.
✡ És 59:10Solèy la va kouche sou pwofèt yo,
e lajounen va vin fènwa sou yo.
7 Vwayan yo va wont
e ✡ És 44:25 divinò yo va nan konfizyon.
Anverite, yo tout va ✡ Mi 7:16kouvri bouch yo akoz pa
gen repons Bondye.
8 Men kanta mwen menm ✡ És 61:1-2 mwen ranpli ak pouvwa—
pa Lespri SENYÈ a—
jistis ak kouraj Li pou ✡ És 58:1fè Jacob konnen
zak rebelyon li an;
menm a Israël, peche pa l la.
9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,
ki ✡ Sòm 58:1,2 rayi jistis e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10 Ki ✡ Jr 22:13,17bati Sion ak san koule e Jérusalem ak
vyolans e enjistis.
11 Chèf li yo fè ✡ És 1:23 jijman pou jwenn sa ki glise anba tab
e ✡ Jr 6:13prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo
pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a e yo di:
“Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
12 Konsa, akoz nou menm ✡ Jr 26:18Sion va vin raboure
tankou yon chan,
✡ Sòm 79:1Jérusalem va vin yon pil mazi
e mòn tanp lan va devni wo plas a yon forè.