26
Nan kòmansman règn a II Wa 23:36wa Jojakim nan, fis a Josias la, wa a Juda a, pawòl sa a te sòti nan SENYÈ a: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Det 4:2Pa manke menm yon mo! Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M Jr 18:8ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’ ” Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: Lev 26:14‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an, pou koute pawòl a II Wa 9:7sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute— konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon II Wa 22:19 madichon pou tout nasyon sou latè yo.’ ”
Jr 5:31Prèt yo, pwofèt yo ak tout pèp la te tande Jérémie pale pawòl sa yo lakay SENYÈ a. Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: Jr 11:19“Fòk ou mouri! Poukisa ou te pwofetize nan non SENYÈ a e te di: ‘Kay sa a va tankou Silo e vil sa a va vin dezète, san moun?’ ” Konsa, Trav 3:11tout pèp la te rasanble antoure Jérémie lakay SENYÈ a.
10 Lè ofisye a Juda yo te tande bagay sa yo, yo te vin monte soti lakay a wa a pou rive lakay SENYÈ a, e yo te chita nan antre Pòtay Nèf lakay SENYÈ a. 11 Epi prèt yo ak pwofèt yo te pale ak ofisye yo ak tout pèp la e te di: “Nonm sa a merite mouri! Li te pwofetize kont vil sila a, jan nou te koute ak pwòp tande nou an.”
12 Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: Jr 1:17-18“SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo. 13 Alò, pou sa, Jr 7:3-5korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an. 14 Men pou mwen menm, Jr 38:5se nan men nou mwen ye. Fè sa nou pito avè m jan nou wè li bon nan zye nou an. 15 Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen Nonb 35:33san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
16 Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: Trav 5:34-39“Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”
17 Epi Trav 5:34kèk nan ansyen peyi a te leve e te pale a tout asanble a pèp la. Yo te di: 18  Mi 1:1“Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale:
“Sion va raboure kon yon chan,
Jérusalem va vin yon pil mazi
e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”
19 “ ‘Èske Ézéchias, wa Juda a, ak tout Juda te mete l a lanmò? Èske li pa t gen lakrent SENYÈ a, chache favè SENYÈ a, e SENYÈ a te chanje lide Li sou malè ke li te pwononse kont yo a? Men nou ap komèt yon gwo mal kont pwòp tèt pa nou.’ ”
20 Anverite, te gen yon nonm ki te pwofetize nan non SENYÈ a, Urie, fis a Schemaeja a, a Jos 9:17Kirjath-Jearim. Li te pwofetize kont vil sa a e kont peyi sa a, pawòl parèy a tout sa a Jérémie yo. 21 Lè wa Jojakim ak tout mesye pwisan pa li yo ak tout ofisye yo te tande pawòl li yo, alò, wa a te eseye mete l a lanmò. Men Urie te tande. Li te krent e li te Jr 36:12sove ale rive an Égypte. 22 Konsa, wa Jojakim te voye mesye li yo an Égypte: Elnathan, fis a Acbor a e kèk lòt mesye avèk li te ale antre an Égypte. 23 Epi yo te mennen Urie soti an Égypte, te fè l rive kote wa Jojakim ki te Jr 2:30touye l ak yon nepe e te jete kadav li nan simityè endijan yo.
24 Men, men Achikam la, fis a Schaphan nan, te avèk Jérémie, ki te fè l I Wa 18:4pa rive nan men a pèp la pou mete l a lanmò.

26:1 II Wa 23:36

26:2 Det 4:2

26:3 Jr 18:8

26:4 Lev 26:14

26:5 II Wa 9:7

26:6 II Wa 22:19

26:7 Jr 5:31

26:8 Jr 11:19

26:9 Trav 3:11

26:12 Jr 1:17-18

26:13 Jr 7:3-5

26:14 Jr 38:5

26:15 Nonb 35:33

26:16 Trav 5:34-39

26:17 Trav 5:34

26:18 Mi 1:1

26:20 Jos 9:17

26:21 Jr 36:12

26:23 Jr 2:30

26:24 I Wa 18:4