38
1 Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a ✡ Jr 21:1Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di: 2 “Konsa pale SENYÈ a: ✡ Jr 21:9 ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti devan Kaldeyen yo va viv, li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’ 3 Konsa pale SENYÈ a: ‘Vil sa a va, anverite, ✡ Jr 21:10livre nan men a wa Babylone nan e li va kaptire l.’ ”
4 Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap ✡ Egz 5:4dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”
5 Konsa, Wa Sédécias te di: “Gade byen, li nan men nou; paske wa a ✡ II Sam 3:39p ap ka fè anyen kont nou menm.”
6 Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan ✡ Jr 37:16-21sitèn a Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la; epi yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou e Jérémie te fonse antre nan labou a.
7 Men ✡ Jr 39:16Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an; 8 Epi Ébed-Mélec te sòti nan palè a wa a, te pale ak wa a e te di: 9 “Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan; epi li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske ✡ Jr 37:21nanpwen pen ankò nan vil la.”
10 Epi wa a te kòmande Ébed-Mélec, Etyopyen an e te di l: “Pran trant mesye soti isit la anba otorite ou e mennen fè monte Jérémie soti nan sitèn nan avan l mouri.” 11 Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a, li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a rive kote Jérémie. 12 Epi Ébed-Mélec, Etyopyen an te di a Jérémie: “Alò, mete rad epwize sa yo ak twal yo anba bra ou, anba kòd yo.”
Jérémie te fè l. 13 Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan e Jérémie te rete nan ✡ Né 3:25lakou kay gad la.
14 Epi Wa Sédécias te voye fè yo mennen Jérémie, pwofèt la, kote li nan twazyèm antre ki nan kay SENYÈ a; epi wa a te di a Jérémie: “Mwen ap ✡ I Sam 3:17-18mande ou yon bagay; pa kache anyen pou mwen.”
15 Epi Jérémie te di a Sédécias: ✡ Luc 22:67-68“Si mwen pale ou; anverite, ou p ap mete m a lanmò? Anplis, menm si m ta bay ou konsèy, ou p ap koute mwen.”
16 Men wa Sédécias te sèmante a Jérémie an sekrè e te di: “Kon SENYÈ a viv la, ki te fè ✡ Nonb 16:22lavi sa a pou nou; anverite, mwen p ap mete ou a lanmò, ni mwen p ap livre ou nan men a mesye sila k ap chache pran lavi ou yo.”
17 Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va ✡ II Wa 24:12sòti deyò pou vin soumèt a wa a Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv. 18 Men si ou pa ale deyò kote ofisye a wa Babylone yo; alò, vil sa va livre nan men a Kaldeyen yo; epi yo va brile li ak dife e ou menm, ou p ap chape nan men yo.’ ”
19 Epi Wa Sédécias te di a Jérémie: “Mwen ✡ És 51:12krent Jwif ki te janbe kote Kaldeyen yo, paske yo kapab petèt livre mwen nan men yo e yo va abize m.”
20 Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, ✡ II Kwo 20:20obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou e pou ou kapab viv. 21 Men si ou kontinye refize ale deyò, men pawòl ke SENYÈ a te montre m nan: 22 Alò, gade byen, tout fanm ki te rete nan palè wa Juda a, va mennen deyò kote ofisye a wa Babylone nan; epi fanm sa yo va di:
“Pwòch zanmi ou yo te egare ou
e te vin domine ou;
pandan pye ou te kole nan labou a,
yo te vire kite ou.”
23 Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo e ou ✡ Jr 38:18menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’ ”
24 Epi Sédécias te di a Jérémie: “Pa kite pèsòn konnen pawòl sa yo e ou p ap mouri. 25 Men si ofisye yo tande ke mwen te pale avèk ou, te vin rekonèt ou e di ou: ‘Pale a nou sa ke ou te di wa a, sa ke wa a te di ou a; pa kache sa devan nou e nou p ap mete ou a lanmò,’ 26 Alò, ou gen pou di yo: ‘Mwen t ap ✡ Jr 37:20prezante siplikasyon mwen yo devan wa a, pou l pa fè m retounen lakay Jonathan pou m pa ta mouri la.’ ”
27 Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo; epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.
28 Konsa, Jérémie te ✡ Sòm 23:4rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.