21
1 Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, lè ✡ II Wa 24:17-18Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l: 2 Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske ✡ II Wa 25:1Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou; petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.
3 Alò, Jérémie te di yo: “Nou va di Sédécias konsa: 4 ‘Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou ✡ Jr 32:5vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap fè syèj nou deyò miray la; epi Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a. 5 Mwen menm, ✡ És 63:10Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon. 6 Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt; yo va mouri akoz yon gwo ✡ Jr 14:12epidemi. 7 Epi apre”, deklare SENYÈ a: ✡ II Wa 25:5-21“Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, menm sila ki chape nan vil sa a soti nan epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo; epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.” ’
8 “Anplis, Ou va di a pèp sa a: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ✡ Det 30:15-19mete devan nou chemen lavi ak chemen lanmò. 9 Sila ki ✡ Jr 38:2-23rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi; men sila ki soti e desann a Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li e lavi li va sèvi kon pwòp piyaj li. 10 Paske Mwen te ✡ Lev 17:10ranje figi M kont vil sa a pou mal e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.” ’
‘Aji ak jistis chak maten.
Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la,
pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife
e brile yon jan pou okenn pa ka etenn,
akoz mechanste a zak yo.
13 Gade byen, Mwen kontra ou, O, ✡ Sòm 125:2sila ki rete
nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a.
‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?”
Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”
14 Men Mwen va pini nou ✡ És 3:10-11selon rezilta zak nou yo,
deklare SENYÈ a:
“Epi Mwen va limen yon dife nan forè li ki va devore tout ozanviwon li.’ ”