32
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan II Wa 25:1-2dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar. Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan Né 3:25lakou gad ki te lakay wa a Juda a.
Akoz Sédécias, wa Juda a te II Wa 6:32mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l; Epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo; men anverite, li va livre bay lame a wa Babylone nan; li va Jr 39:5pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye. Epi li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Si nou goumen kont Kaldeyen yo, nou Éz 17:9-15p ap reyisi.” ’ ”
Epi Jérémie te di: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou e li va di: ‘Achte pou ou menm chan ki Anathoth mwen an, paske se ou menm ki gen Lev 25:25dwa redanmsyon pou achte l.’ ”
“Epi Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan Jr 32:2lakou gad la selon pawòl SENYÈ a, epi te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’
“Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a. Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te Jen 23:16peze ajan bay pou li, disèt sik ajan. 10 Mwen te És 44:5siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen e te peze ajan sou balans pou bay. 11 Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout Luc 2:27tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri; 12 Epi mwen te bay papye vant lan bay Jr 32:16Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.
13 “Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo e mwen te di: 14 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’ 15 Paske, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: Jr 30:18‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
16 “Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te Jen 32:9-12priye a SENYÈ a e te di:
 
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te II Wa 19:15fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo, Gran e pwisan Bondye; SENYÈ dèzame yo se non Li. 19  És 9:6Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li e selon fwi lan a zèv li; 20 Ki te Sòm 78:43opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a. 21 Ou te Egz 6:6mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz; 22 Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te Egz 3:8-17sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl. 23 Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni Esd 9:7mache nan lalwa Ou; yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo; pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.
24 “Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l; epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste; epi sa Ou te pale a fin rive; epi gade byen, Ou wè l. 25 Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan rele temwen’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.”
26 Epi pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie e te di: 27 “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Nonb 16:22Bondye a tout chè yo; èske gen bagay twò difisil pou Mwen? 28 Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou II Wa 25:11bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va pran l. 29 Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre II Kwo 36:19mete dife nan tout vil sa a e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè m fache.’ ”
30 “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki Det 9:7-12mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a. 31 “Anverite, vil sa a te pou Mwen, kòlè M ak gwo kòlè Mwen soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta ka II Wa 23:27retire devan figi Mwen, 32 Akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—-yo menm, Esd 9:7wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo ak tout moun ki rete Jérusalem yo. 33 Yo te vire do ban Mwen olye figi yo; malgre II Kwo 36:15-16enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M e resevwa lenstriksyon an. 34 Men yo te II Wa 21:1-7mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l. 35 Yo te bati II Kwo 28:2wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom an pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”
36 Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te Jr 32:24livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou e pa gwo epidemi.” 37 “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo ale nan kòlè ak gwo kòlè Mwen, ak gran endiyasyon Mwen; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a e Mwen va Jr 23:6fè yo rete anpè. 38 Yo va Jr 24:7pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; 39 Epi Mwen va II Kwo 30:12bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo. 40 Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen Det 31:6p ap vire kite yo, pou fè yo byen; epi Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen. 41 Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo e Mwen va, ak fidelite, Os 2:19-20plante yo nan peyi sa a ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
42 Paske konsa pale SENYÈ a, Jr 31:28“Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo. 43  Jr 32:15-25Chan yo va vin achte nan peyi sa a ke ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt; li livre nan men a Kaldeyen yo.’ 44 Mesye yo va achte chan yo pou lajan, Jr 32:10siyen, mete so sou papye tè yo e rele temwen peyi Benjamin yo, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo ak nan vil dezè yo; paske Mwen va restore avni yo,” deklare SENYÈ a.

32:1 II Wa 25:1-2

32:2 Né 3:25

32:3 II Wa 6:32

32:4 Jr 39:5

32:5 Éz 17:9-15

32:7 Lev 25:25

32:8 Jr 32:2

32:9 Jen 23:16

32:10 És 44:5

32:11 Luc 2:27

32:12 Jr 32:16

32:15 Jr 30:18

32:16 Jen 32:9-12

32:17 II Wa 19:15

32:19 És 9:6

32:20 Sòm 78:43

32:21 Egz 6:6

32:22 Egz 3:8-17

32:23 Esd 9:7

32:27 Nonb 16:22

32:28 II Wa 25:11

32:29 II Kwo 36:19

32:30 Det 9:7-12

32:31 II Wa 23:27

32:32 Esd 9:7

32:33 II Kwo 36:15-16

32:34 II Wa 21:1-7

32:35 II Kwo 28:2

32:36 Jr 32:24

32:37 Jr 23:6

32:38 Jr 24:7

32:39 II Kwo 30:12

32:40 Det 31:6

32:41 Os 2:19-20

32:42 Jr 31:28

32:43 Jr 32:15-25

32:44 Jr 32:10