17
Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: “Fis a lòm, pwopoze yon devinèt e pale yon Éz 20:49parabòl a lakay Israël, Epi di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak Dan 4:22gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban e te rache pran tèt pye sèd la. Li te rache tout ti branch nan pi wo tèt li e te pote li nan peyi komèsan yo; li te plase li nan yon vil machann yo.
“ ‘ “Anplis, li te pran kèk nan semans peyi a pou te plante li nan yon Det 8:7-9tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo; li te plase li tankou yon pye sikren. Epi li te boujonnen e te vin yon pye rezen ba ki t ap kouvri toupatou ak branch li yo ki te tounen vè li menm, men rasin li yo te rete anba l. Konsa, li te vin yon plant, li te bay boujon e li te pwodwi branch.
“ ‘ “Men te gen yon lòt gwo èg ak gwo zèl ak anpil plim; epi gade byen, pye rezen sa a te koube rasin li yo vè li menm e te voye branch yo deyò vè li menm soti nan ban kote li te Éz 31:4plante a, pou l te ka wouze li. Li te plante nan bon tè, akote anpil dlo, pou l te ka fè anpil branch ak bay fwi e vin yon pye rezen byen bèl.”
“Pale, ‘Konsa di Senyè BONDYE a: “Èske li va grandi byen? Èske li pa t rache rasin li yo e koupe fwi li, pou li fennen nèt—pou tout fèy k ap pete yo ta fennen? Epi kit se pa gwo fòs, kit se pa anpil moun, li p ap ka leve sòti nan rasin li ankò. 10 Gade byen, malgre li ta plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap Éz 19:14fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo—fennen sou ban kote li te plante a?” ’ ”
11 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 12 “Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di: ‘Gade byen, II Wa 24:11-15wa a Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone. 13 Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a, 14 Pou wayòm nan Éz 29:14ta vin soumèt, pa egzalte tèt li, men swiv akò a pou li ka kontinye. 15 Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite kapab kraze akò a e chape?
16 “ ‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te plase li sou twòn nan, sèman a sila li te meprize a e akò a sila li te kraze a; Jr 52:11nan Babylone, li va mouri. 17  És 36:6Farawon ak lame pwisan li an, ak gran fòs pèp li a, p ap ede li nan lagè a, lè yo fè monte ran syèj e bati miray syèj pou koupe lavi anpil moun. 18 ‘Alò, li te meprize sèman an lè l te kraze akò a e gade byen, li te I Kwo 29:24fè sèman li an, men gade tout bagay li te fè; li p ap chape.’ ”
19 “Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Jan Mwen viv la, anverite, sèman Mwen an ke li te meprize a ak akò Mwen an ke li te kraze a, Mwen va koze malè sou tèt li. 20 Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e Jr 2:35antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an. 21 Tout mesye byen chwazi pami sòlda li yo va tonbe pa nepe e sila ki chape yo va gaye nan tout van; epi nou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a te pale.’
22 “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Anplis, Mwen va pran yon ti branch piti soti anlè pye sèd la e Mwen va ranje li; Mwen va rache nan pi wo pwent a jenn ti boujon li yo, youn ki piti e ki mou e Mwen va plante li sou yon Sòm 72:16mòn ki byen wo. 23 Sou mòn byen wo Israël la, Mwen va plante li, pou li kapab pwodwi gwo branch, bay fwi e devni yon gwo pye Sòm 72:16sèd majeste. Epi zwazo de tout kalite yo va fè nich yo anba li. Yo va pran repo nan lonbraj branch li yo. 24 Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a; Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri.
“ ‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’ ”

17:2 Éz 20:49

17:3 Dan 4:22

17:5 Det 8:7-9

17:7 Éz 31:4

17:10 Éz 19:14

17:12 II Wa 24:11-15

17:14 Éz 29:14

17:16 Jr 52:11

17:17 És 36:6

17:18 I Kwo 29:24

17:20 Jr 2:35

17:22 Sòm 72:16

17:23 Sòm 72:16