29
Nan Éz 6:1dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a,
“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,
És 27:1gwo mons la ki kouche nan mitan
rivyè li yo, k ap di:
‘Rivyè Nil lan se pou mwen
e se mwen menm ki te fè li.’
II Wa 19:28Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e
fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.
Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo,
ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.
Mwen va Éz 32:4-6jete ou lwen nan dezè a,
ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.
Ou va tonbe nan chan ouvri.
Ou p ap rasanble ni reyini ankò.
Mwen te bay ou kon manje bèt latè
ak zwazo syèl yo.
“ ‘ “Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon II Wa 18:21gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.”
“ ‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va Jr 46:13mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
“ ‘ “Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’ 10 Pou sa, gade byen, Mwen Éz 13:8kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11 Pye a moun Jr 43:11-12p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12 Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va Jr 46:19gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.”
13 “ ‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va És 19:22rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi És 11:11Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap Éz 31:2renye sou lòt nasyon yo. 16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye És 64:9pote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.” ’ ”
 
17 Alò, Éz 24:1nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 “Fis a lòm, Jr 25:9Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an. 19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout Jr 43:10-13pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te És 10:6-7fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a.
21 “Nan jou sa a, I Sam 2:10Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

29:1 Éz 6:1

29:3 És 27:1

29:4 II Wa 19:28

29:5 Éz 32:4-6

29:6 II Wa 18:21

29:8 Jr 46:13

29:10 Éz 13:8

29:11 Jr 43:11-12

29:12 Jr 46:19

29:13 És 19:22

29:14 És 11:11

29:15 Éz 31:2

29:16 És 64:9

29:17 Éz 24:1

29:18 Jr 25:9

29:19 Jr 43:10-13

29:20 És 10:6-7

29:21 I Sam 2:10