32
1 Nan ✡ Éz 30:20douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 2 ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la e di li:
“Ou te konpare tèt ou ak yon jenn ✡ Jr 4:7lyon nasyon yo;
sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj nan lanmè,
ou pete vin parèt nan rivyè ou yo,
ou te fè labou vin leve ak pye ou yo
e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”
3 Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Koulye a, Mwen va ✡ Éz 12:13ouvri filè Mwen sou ou
avèk konpanyen a anpil moun
e nan filè Mwen an, yo va leve ou.
4 Mwen va kite ou sou latè;
Mwen va jete ou nan chan ki ouvri.
Epi Mwen va fè tout ✡ És 18:6zwazo syèl yo rete sou ou e
Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.
5 Mwen va fè chè ou kouche ✡ Éz 31:12sou mòn yo
e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.
6 Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou
k ap koule menm jan ak mòn yo.
✡ Egz 7:17Ravin yo va vin plen ak ou.
7 Epi lè M ✡ Job 18:5-6etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo
e fè zetwal yo antre vin nan fènwa;
Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj
e lalin nan p ap bay limyè.
8 Tout ✡ Jen 1:14limyè k ap briye nan syèl la,
Mwen va fè yo vin nwa sou ou e
va mete fènwa sou peyi ou a,”
deklare Senyè BONDYE a.
9 “Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon
lè Mwen ✡ Egz 15:14-16mennen destriksyon ou pami nasyon yo,
jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.
10 Mwen va fè anpil pèp vin ✡ Éz 27:35etone sezi de ou
e wa yo va tèlman gen gwo laperèz
lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm;
epi yo va tranble tout tan,
chak moun pou pwòp lavi li,
nan jou ke ou tonbe a.”
11 Paske konsa pale Senyè BONDYE a:
“Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.
12 Pa nepe a pwisan yo,
Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe;
yo tout se ✡ Éz 28:7chèf sovaj pami nasyon yo,
yo va devaste ògèy Égypte la
e tout gwo foul lame li yo va detwi.
13 Anplis, Mwen va detwi tout bèt
ki rete bò kote anpil dlo li yo;
Epi pye a moun p ap gaye labou ankò, ni zago a bèt
p ap gaye labou ankò.
14 Epi Mwen va fè dlo yo vin kalm
e fè rivyè yo vin kouri kon lwil”,
deklare Senyè BONDYE a.
15 “Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon ✡ Sòm 107:33-34dezolasyon
e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo,
Lè M frape tout sila ki rete ladann yo;
alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
16 “ ‘ “Sa se yon ✡ II Sam 1:17lamantasyon e yo va chante l. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’ ”
17 Nan ✡ Éz 31:1douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 18 “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul lame a Égypte yo e ✡ Jr 1:10desann li, li menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, avèk sila ki desann nan twou fòs yo; 19 ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann e Fè kabann ou ak ✡ Jr 9:25-26ensikonsi yo.’ 20 Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre a nepe. Yo te ✡ Sòm 28:3rale tout gwo foul lame li yo sòti. 21 Pi gran pami pwisan yo va pale sou li ak sila ki t ap ede li yo soti nan mitan sejou mò yo: ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.
22 ✡ Éz 27:23“Assyrie la ak tout konpanyen li yo; tonbo yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe, 23 ✡ És 14:15Tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la ak konpanyen li yo antoure tonbo li a. Yo tout touye; tonbe pa nepe, ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo.
24 ✡ Jen 10:22“Élam la ak tout gwo foul lame li yo ki antoure tonbo li a; yo tout mouri, tonbe pa nepe, ki te desann ensikonsi nan pati piba latè yo, ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo e te pote wont yo avèk sila ki te desann nan twou fòs yo. 25 Yo fè ✡ Sòm 139:8kabann fi a pami sila ki touye ak tout gwo foul lame li yo. Tonbo yo antoure li; yo tout se ensikonsi, touye pa nepe (sepandan, gwo laperèz te vin kreye nan peyi moun vivan yo) e yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo te mete yo nan mitan sila ki te touye yo.
26 “Méschec ✡ Jen 10:2Tubal, ak tout gwo foul lame yo la; tonbo yo antoure yo. Yo tout te touye pa nepe a ensikonsi a; sepandan, yo te kreye gwo laperèz nan peyi a moun vivan yo. 27 ✡ És 14:18-19Ni yo pa kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo plase anba tèt yo; men pinisyon pou inikite yo te rete sou zo yo; sepandan, gwo laperèz a chèf pwisan sila yo, nan yon tan, te pami moun vivan yo.
28 “Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.
29 “La tou, gen ✡ És 34:5-15Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo; yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.
30 “La tou, gen chèf ✡ Jr 1:15lanò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo, ki malgre tout gwo laperèz ki te vini de pwisans yo; ak wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo e te pote gwo wont yo avèk sila yo ki desann nan twou fòs yo.
31 “Sa yo, Farawon va wè e li va twouve ✡ Éz 14:22konsolasyon pou tout gwo foul lame li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a. 32 Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo; malgre sa, li va oblije vin kouche ak ensikonsi yo avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.