139
Pou direktè koral la; Yon Sòm David 
  1 O SENYÈ, Ou te ✡Sòm 17:3sonde mwen e te konnen mwen.   
 2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.  
Ou konprann panse mwen yo de lwen.   
 3 Ou konn ✡Job 14:16egzamine chemen mwen fè avèk  
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.   
 4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,  
Men gade, O SENYÈ, Ou ✡Eb 4:13konnen tout li menm.   
 5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e  
Ou te ✡Job 9:33poze men Ou sou mwen.   
 6 ✡Wo 11:33Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.  
Li twò wo.  
Mwen pa kab rive kote l.   
 7 ✡Jr 23:24Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?  
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?   
 8 ✡Am 9:2-4Si mwen monte nan syèl la, Ou la.  
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.   
 9 Si mwen pran zèl nan maten,  
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,   
 10 menm la, se men Ou k ap ✡Sòm 23:2-3mennen mwen,  
e se men dwat Ou k ap kenbe m.   
 11 Si mwen di: “Anverite, ✡Job 22:13tenèb la va kouvri mwen,  
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”   
 12 menm tenèb la pa tenèb pou Ou,  
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.  
✡I Jn 1:5 Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.   
 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.  
Ou te ✡Job 10:11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.   
 14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,  
paske mwen fèt yon fason mèvèye.  
Zèv Ou yo ✡Sòm 40:5depase bon konprann  
e nanm mwen byen konnen sa.   
 15 ✡Job 10:8-10Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,  
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.   
 16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.  
Epi nan liv ✡Sòm 56:8Ou a, te deja ekri tout jou ki te  
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.   
 17 Anplis, SENYÈ, a la presye se ✡Sòm 40:5panse Ou yo pou mwen!  
A la gran, yo gran anpil!   
 18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.  
Lè m ✡Sòm 3:5leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.   
 19 O ke Ou ta ✡És 11:4touye mechan yo, O Bondye.  
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.   
 20 Paske yo ✡Jd 15pale kont Ou ak mechanste,  
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.   
 21 Èske m pa ✡II Kwo 19:2rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?  
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?   
 22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.  
Yo devni lènmi m.   
 23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.  
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.   
 24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e  
mennen mwen nan chemen etènèl la.