138
Yon Sòm David
Sòm 111:1Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
Mwen va pwostène mwen I Wa 8:29vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak Sòm 28:7fòs nan nanm mwen.
Sòm 72:11Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske Sòm 21:5gran se glwa SENYÈ a.
Paske malgre SENYÈ a egzalte,
Li toujou okipe sila ki ba yo.
Men moun ki Sòm 40:4ògeye yo,
Li rekonèt yo de lwen.
Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m Éz 9:8-9reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.

138:1 Sòm 111:1

138:2 I Wa 8:29

138:3 Sòm 28:7

138:4 Sòm 72:11

138:5 Sòm 21:5

138:6 Sòm 40:4

138:7 Éz 9:8-9