137
Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.
Nou te Né 1:4kriye, lè nou te sonje Sion.
Sou pye Lev 23:40sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.
Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,
e És 49:17bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:
“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”
Kijan pou nou ta chante II Kwo 29:27chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?
Si mwen És 65:11ta bliye ou, O Jérusalem, kite men
dwat mwen bliye kapasite li.
Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,
Si m pa ta sonje ou, si m pa ta Né 2:3leve Jérusalem wo,
pi wo ke pi gwo plezi m yo.
Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,
ke yo te di: “Raze l nèt!
Raze l Sòm 74:7 jis rive nan fondasyon li.”
O fi a Babylone nan, Ou menm ki te És 13:1-22devaste nou an,
A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm
rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!
A la beni sila ki sezi pitit ou yo,
e ki II Wa 8:12kraze yo nan wòch la va beni!

137:1 Né 1:4

137:2 Lev 23:40

137:3 És 49:17

137:4 II Kwo 29:27

137:5 És 65:11

137:6 Né 2:3

137:7 Sòm 74:7

137:8 És 13:1-22

137:9 II Wa 8:12