23
SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va Lev 23:21 pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
Lev 19:3 “ ‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
“ ‘Sa yo se lè Egz 23:14 fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. Det 16:1 Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, Egz 12:14-20 fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou Lev 23:8,21,25,35,36 p ap fè okenn travay di. Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’ ”
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou Egz 23:19 fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la. 11 Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè. 12 Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a. 13  Lev 6:20 Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven. 14 Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, Egz 34:26 nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
15  Nonb 28:26-31 “ ‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè. 16 Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon Nonb 28:26 ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a. 17 Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit Lev 2:12 avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a. 18 Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a. 19 Nou va osi ofri Lev 4:23 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè. 20 Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la. 21 Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn Lev 23:7 travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
22  Det 24:19 “ ‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’ ”
23 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 24 “Pale avèk fis Israël yo pou di: Nonb 29:1‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon Nonb 10:9-10tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen. 25 Nou Lev 23:21 pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’ ”
26 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se Egz 30:10 jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, Lev 16:34 pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. 29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, Jen 17:14 li va koupe retire de pèp li a. 30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. 31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. 32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
33 Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a. Nonb 29:12 35 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè Lev 23:25 okenn kalite travay ki di. 36  Nonb 29:12-34 Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
37 “ ‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, Nonb 28:1-29 zafè chak jou nan pwòp jou pa li— 38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
39 “ ‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, Egz 23:16 lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a. 40 Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou. 41 Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a. 42 Nou va viv Lev 23:34 nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo, 43 pou Det 31:13 jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’ ”
44 Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo Lev 23:37 tout lè ki te deziye pa Bondye yo.

23:2 Lev 23:21

23:3 Lev 19:3

23:4 Egz 23:14

23:5 Det 16:1

23:6 Egz 12:14-20

23:7 Lev 23:8,21,25,35,36

23:10 Egz 23:19

23:13 Lev 6:20

23:14 Egz 34:26

23:15 Nonb 28:26-31

23:16 Nonb 28:26

23:17 Lev 2:12

23:19 Lev 4:23

23:21 Lev 23:7

23:22 Det 24:19

23:24 Nonb 29:1

23:24 Nonb 10:9-10

23:25 Lev 23:21

23:27 Egz 30:10

23:28 Lev 16:34

23:29 Jen 17:14

23:34 Nonb 29:12

23:35 Lev 23:25

23:36 Nonb 29:12-34

23:37 Nonb 28:1-29

23:39 Egz 23:16

23:42 Lev 23:34

23:43 Det 31:13

23:44 Lev 23:37