29
Egz 23:16“ ‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, Nonb 28:3ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
“ ‘Epi nan Lev 16:29-34dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, Det 15:21ki pa gen okenn defo; epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, 10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 11 yon mal kabrit pou yon Lev 16:3-5ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi Nonb 28:3ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
12 “ ‘Nan Lev 23:33-35 kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. 13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; 14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, 15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; 16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, Nonb 28:3anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
17 “ ‘Epi nan Lev 23:36dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo Lev 2:1-6selon òdonans lan; 19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, Nonb 28:8anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo.
20 “ ‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a.
23 “ ‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; 24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li.
26 “ ‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan Eb 7:28san defo’ 27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; 28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a.
29 “ ‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; 30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a.
32 “ ‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; 33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, 34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a.
35  Lev 23:36“ ‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. 36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; 37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; 38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a.
39 “ ‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan Lev 23:2 lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’ ”
40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo.

29:1 Egz 23:16

29:6 Nonb 28:3

29:7 Lev 16:29-34

29:8 Det 15:21

29:11 Lev 16:3-5

29:11 Nonb 28:3

29:12 Lev 23:33-35

29:16 Nonb 28:3

29:17 Lev 23:36

29:18 Lev 2:1-6

29:19 Nonb 28:8

29:26 Eb 7:28

29:35 Lev 23:36

29:39 Lev 23:2