28
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, Lev 3:11manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a. Egz 29:38-42Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann. Ou va ofri yon jenn mouton nan maten e lòt jenn mouton an nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; osi, yon dizyèm efa farin fen kòm yon Lev 2:1ofrann sereyal mele avèk yon ka hin lwil ki bat. Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, Egz 29:42nan plas ki sen an. Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a.
“ ‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an: 10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan Nonb 28:3ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an.
11  Nonb 10:10“ ‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo, 12  Nonb 15:4-12epi twa dizyèm efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal pou chak towo; epi de dizyèm nan farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann pou yon sèl belye; 13 epi yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal pou chak jenn mouton, kòm yon ofrann brile, yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 14 Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo. 15 Epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche bay SENYÈ a. Li va ofri anplis ke ofrann brile Nonb 28:3ki pou fèt tout tan yo avèk ofrann bwason li.
16 “ ‘Alò, Lev 23:5-8nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a. 17  Lev 23:6Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou. Lev 23:6 18 Nan Lev 23:7premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di. 19 Nou va prezante yon ofrann pa dife, yon ofrann brile bay SENYÈ a: de towo avèk yon belye ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, Det 15:21ki san defo, 20 avèk ofrann sereyal pa yo, nou va ofri farin fen mele avèk lwil. Nou va ofri twa dizyèm efa pou yon towo ak de dizyèm pou belye a. 21 Yon dizyèm efa, nou va ofri li pou chak nan sèt jenn mouton yo; 22 epi yon mal kabrit pou yon Nonb 28:3 ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou nou. 23 Nou va prezante sa yo anplis ke ofrann brile maten an, ki se pou yon ofrann brile k ap fèt tout tan. 24 Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, Lev 3:11manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an. 25 Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nonb 28:18 Nou pa pou fè okenn travay ki di.
26 “ ‘Osi, nan Lev 23:15-21jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. 27 Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan; 28 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak towo, de dizyèm pou yon belye. 29 Yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; 30 osi yon mal kabrit pou fè ekspiyasyon pou nou. 31  Nonb 28:3Anplis, ofrann brile kontinyèl la avèk ofrann sereyal li an, nou va prezante yo avèk ofrann bwason pa yo a. Yo va san defo.

28:2 Lev 3:11

28:3 Egz 29:38-42

28:5 Lev 2:1

28:7 Egz 29:42

28:10 Nonb 28:3

28:11 Nonb 10:10

28:12 Nonb 15:4-12

28:15 Nonb 28:3

28:16 Lev 23:5-8

28:17 Lev 23:6

28:17 Lev 23:6

28:18 Lev 23:7

28:19 Det 15:21

28:22 Nonb 28:3

28:24 Lev 3:11

28:25 Nonb 28:18

28:26 Lev 23:15-21

28:31 Nonb 28:3