7
Paske Jen 14:18-20Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li, a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè. San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Eb 7:28Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.
Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, Trav 2:29patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a. Konsa, sila vrèman de Nonb 18:21,26fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.
Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila Wo 4:13ki te gen tout pwomès yo. Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.
Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo Eb 5:6de sila ke yo temwaye ke li viv toujou. Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo, 10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.
11  Eb 7:18Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke Eb 10:1pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
12 Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou. 13 Paske Eb 7:14sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
14 Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann Nonb 24:17sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo. 15 Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek, 16 ki pa t devni konsa sou baz a yon Eb 9:10lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri. 17 Paske li temwaye de Li: Sòm 110:4“Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.”
18 Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an Wo 8:3akoz de feblès ak initilite li. 19 (Paske Trav 13:39Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye. 20 E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman, 21 paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a:
Sòm 110:4“Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li;
‘Ou se yon prèt pou tout tan’.”
Selon modèl a Melchisédek la.”
22 Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin Sòm 119:122garanti a yon pi bon akò. 23 Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo, 24 men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la És 9:7pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.
25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou Wo 8:34entèsede pou yo.
26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen I Pi 2:22inosan, san tach, separe de pechè yo e Eb 4:14egzalte piwo ke syèl yo; 27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa Eb 9:12,28yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
28 Paske Lalwa nonmen moun Eb 5:2ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te Eb 2:10fèt pafè pou tout tan.

7:1 Jen 14:18-20

7:3 Eb 7:28

7:4 Trav 2:29

7:5 Nonb 18:21,26

7:6 Wo 4:13

7:8 Eb 5:6

7:11 Eb 7:18

7:11 Eb 10:1

7:13 Eb 7:14

7:14 Nonb 24:17

7:16 Eb 9:10

7:17 Sòm 110:4

7:18 Wo 8:3

7:19 Trav 13:39

7:21 Sòm 110:4

7:22 Sòm 119:122

7:24 És 9:7

7:25 Wo 8:34

7:26 I Pi 2:22

7:26 Eb 4:14

7:27 Eb 9:12,28

7:28 Eb 5:2

7:28 Eb 2:10