8
 1 Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li ✡Sòm 110:1adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.”   2 Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan ✡Eb 9:11,24vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.   
 3 Paske chak ✡Eb 2:17wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou.   4 Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki ✡Eb 5:1ofri don yo selon Lalwa,   5 ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske ✡Egz 25:40“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”   
 6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi ✡I Tim 2:5medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.   
 7 Paske ✡Eb 7:11si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm.   8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:  
✡Jr 31:31“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,  
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la  
e avèk kay Juda a;   
 9 ✡Egz 19:5Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo  
nan jou ke M te pran yo nan men  
pou mennen yo sòti an Égypte la;  
paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an  
e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.   
 10 ✡Jr 31:33Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la  
apre jou sa yo, di Senyè a:  
Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,  
e Mwen va ekri yo nan kè yo.  
Mwen va Bondye yo,  
e yo va pèp Mwen.   
 11 ✡Jr 31:34Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo  
ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,  
paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan  
pi piti jiska pi gran nan yo.   
 12 ✡És 43:25Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo  
e Mwen p ap sonje peche yo ankò.   
 13 Lè L te di: ✡Luc 22:20“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.