5
Paske tout wo prèt ki Egz 28:1pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. Konsa, Eb 2:18wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis Lev 9:7pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. Nonb 16:40Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li:
Sòm 2:7“Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj:
Sòm 110:4“Ou se yon prèt pou tou tan
selon modèl Melchisédek la.”
Nan jou lachè Li yo, Mat 26:39,42,44Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. Malgre Li te Eb 1:2yon Fis, Li te aprann Fil 2:8obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. Epi apre, lè L te vin Eb 2:10pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, 10 nonmen pa Bondye kòm Eb 2:17wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou Eb 6:1prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo I Kor 3:1bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou I Kor 2:6granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

5:1 Egz 28:1

5:2 Eb 2:18

5:3 Lev 9:7

5:4 Nonb 16:40

5:5 Sòm 2:7

5:6 Sòm 110:4

5:7 Mat 26:39,42,44

5:8 Eb 1:2

5:8 Fil 2:8

5:9 Eb 2:10

5:10 Eb 2:17

5:12 Eb 6:1

5:13 I Kor 3:1

5:14 I Kor 2:6