6
Konsa, nan Fil 3:13kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan Eb 9:14zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, Jn 3:25lenstriksyon sou lave ak poze men yo, Trav 17:31rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. Tout sa nou va fè Trav 18:21si Bondye kite l fèt.
Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te II Kor 4:4,6eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, I Pi 2:3te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, e ki answit, te vin tonbe, se Eb 10:26enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a II Tim 2:6sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e Jen 3:17prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. Men I Kor 10:14byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10 Paske Pwov 19:17Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon Eb 3:6espwa ranpli nan Eb 10:22asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete Eb 13:7imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te Jen 22:16sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Jen 22:17Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan Jen 12:4tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi Egz 22:11yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre Eb 11:9eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa Nonb 23:19de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki Lev 16:2,15menm antre anndan vwal tanp lan, 20  Jn 14:2kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

6:1 Fil 3:13

6:1 Eb 9:14

6:2 Jn 3:25

6:2 Trav 17:31

6:3 Trav 18:21

6:4 II Kor 4:4,6

6:5 I Pi 2:3

6:6 Eb 10:26

6:7 II Tim 2:6

6:8 Jen 3:17

6:9 I Kor 10:14

6:10 Pwov 19:17

6:11 Eb 3:6

6:11 Eb 10:22

6:12 Eb 13:7

6:13 Jen 22:16

6:14 Jen 22:17

6:15 Jen 12:4

6:16 Egz 22:11

6:17 Eb 11:9

6:18 Nonb 23:19

6:19 Lev 16:2,15

6:20 Jn 14:2